Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
4/28/2021
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

‘U.S. News & World Report’ Nonmen Plizyè Lekòl Segondè M-DCPS pami Meyè Lekòl Ozetazini

U.S. News & World Report anonse lis pou Meyè Lekòl Segondè Ozetazini pou 2021, baze sou revizyon prèske 24,000 leko`l segonde` nan tout 50 eta ak ‘District of Columbia’. “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) se lidè ankò nan Florid avèk 92 leko`l tradisyonèl ak leko`l magnet sou lis la, ki gen ladan kat leko`l segonde` pami 100 meyè leko`l nan peyi a e nèf leko`l pami 20 meyè leko`l nan Florid. Sa gen ladan “School for Advanced Studies (SAS)” (Leko`l pou Etid Avanse), ki se meyè leko`l nan Florid, e senkyèm nan tout peyi a.

 

Magazin nan itilize yon analiz an sis etap pou analize tout leko`l yo, tankou egzamen “Advanced Placement (AP)” (Plasman Avanse) ak “International Baccalaureate (IB)” (Bakaloreya Entènasyonal), pèfòmans leko`l, metriz nan matematik ak lekti, to gradyasyon ak eka nan akonplisman ele`v yo

 

Gen kat leko`l M-DCPS yo rekonèt pami 100 meyè leko`l nan peyi a:

 

#5       School for Advanced Studies (Tout senk etablisman yo)

#65     Design & Architecture Senior High School (DASH)

#72     iPreparatory Academy (iPrep)

#87     Jose Marti MAST 6-12 Academy


Gen nèf leko`l M-DCPS ki klase pami 20 meyè leko`l nan Florid:


#1       School for Advanced Studies (Tout senk etablisman yo)

#5       Design & Architecture Senior High School (DASH)

#6       iPreparatory Academy (iPrep)

#9       Jose Marti MAST 6-12 Academy

#11     Young Women’s Preparatory Academy

#13     Marine Academy of Science and Technology (MAST@FIU)

#14     International Studies Preparatory Academy

#17     Terra Environmental Research Institute

#20     Maritime & Science Technology Academy (MAST)


Pou yon lis konplè vizite, https://www.usnews.com/education/best-high-schools/national-rankings.

Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi - vandredi a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6e` diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho.


# # #

21-DGD/114/HD/CM/RD

Follow us