Lekòl Mwayen Horace Mann se dènye lekòl “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ki resevwa yon nouvo sant medya ak teknoloji kòm yon pati nan inisyativ “Middle School Redesign (MSR)” (Re-òganizasyon Lekòl Mwayen) Distri a. Nan seremoni inogirasyon koupe riban maten an nou te devwale nouvo aparèy ‘VR’ (Reyalite Vityèl) lekòl la, nouvo tablo ‘Promethean’, seksyon wobotik ak plis pase yon douzèn estasyon òdinatè.
Horace Mann se youn nan 16 lekòl mwayen piblik Miami-Dade County ki gen sant medya li ki transfòme pou vin tounen espas inovasyon teknolojik gras a don patenarya $2 milyon dola ant “Miami-Dade County Public Schools” (Lekòl Leta Miami-Dade County), Fondasyon ‘College Football Playoff’ ak “College Football Playoff National Championship Game Host Committee (CFPNCG)” (Reprezantan Komite Akèy Jwèt Foutbòl Nasyonal) pou ane 2021 an.
Patnè nou yo ap kontinye inogire nouvo pwojè pandan tout ane a pou sipòte inisyativ “Middle School Redesign (MSR)” (Re-òganizasyon Lekòl Mwayen) Distri a, ki vize pou satisfè bezwen sosyal, emosyonèl ak akademik pwofesè ak elèv yo.
Manm Komisyon Konsèy Lekòl Dtè. Dorothy Bendross-Mindingall; Britton Banowsky, Direktè Jeneral pou Fondasyon ‘College Football Playoff’; Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho ak Direktris Lekòl Mwayen Horace Mann Dtè. Ottolita Thompson antoure ak elèv Horace Mann yo pou inogirasyon ofisyèl nouvo sant medya lekòl la.
Khali Vaquero, yon elèv setyèm ane, te pase anpil tan nan espas la pou ede aliyen liv e kòm manm ekip emisyon nouvèl lekòl la. Li di: "Mwen santi aprè tout travay sa a anpil moun fè, bibliyotèk sa a reyèlman kòmanse sanble yon bibliyotèk; e mwen kontan anpil pou sa."
Khali ki pral travay kòm èd pou bibliyotèkè a ane pwochèn, pataje kèk konsèy bay nouvo elèv k ap rantre yo: "Respekte espas sa a, li gen anpil valè pou anpil elèv isit la."
Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi - vandredi a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6e` diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho.
FOTO: Elèv Lekòl Mwayen Horace Mann yo ap fè nouvo eksperyans atravè aparèy Reyalite Vityèl VR yo.
# # #
21-DGD/121/HD/RD/CM