Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade resevwa Prim “Certificate of
Excellence in Financial Reporting Award (COE)” (Sètifika Ekselans nan Rapò
Finansye) “Association
of School Business Officials (ASBO)” (Asosyasyon Ofisyèl Biznis Lekòl) Entènasyonal pou gwo kalite Rapò
li pou “Comprehensive Annual Financial Report (CAFR)” (Rapò Anyèl Global sou Finans) nan fen ane
fiskal 2020 an. Sa patikilyèman ramakab paske rapò sa a te fèt antyèman yon
fason vityèl nan mitan pandemi COVID-19 la. Patisipasyon Distri a nan
pwogram COE a pou 37 dènye ane yo se yon temwayaj angajman li pou transparans
nan finans.
Aplikan yo dwe soumèt CAFR yo pou revizyon yon ekip oditè
pwofesyonèl, ki bay enpresyon yo pou amelyorasyon dokiman yo alavni. Si CAFR la
satisfè demann pwogram nan, dokiman an ka resevwa Sètifika Ekselans la.
Patisipasypm yon distri nan pwogram COE a ka fasilite kontinyasyon pwosesis
deklarasyon obligasyon yo.
ASBO Entènasyonal rekonèt gwo efò nan rapò finansye chak distri
lekòl fè pou kominote a atravè rapò ekstrawòdinè yo prezante. Yo onore moun ki
resevwa COE yo pou kredibilite yo, konfyans ak transparans yo nan jesyon fiskal
ak devlopman pwofesyonèl yo.
ASBO ki te fonde an 1910 se yon òganizasyon ki pa la pou pwofi ki
reprezante apwoksimativman 30,000 pwofesyonèl biznis lekòl atravè mond la. ASBO
Entènasyonal pran angajman pou l ofri pwogram, sèvis ak yon rezo global ki
pwomouvwa pi gwo estanda nan biznis lekòl. Manm li yo sipòte akonplisman elèv
atravè efikasite jesyon resous nan diferan domèn soti nan finans ak operasyon
rive nan sèvis manje ak transpò. Aprann plis nan asbointl.org.
Pou de`nye
enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi - vandredi
a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6e`
diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje aplikasyon
mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter
nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho.
# # #
21-DGD/120/HD/CM/RD