Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
4/27/2022
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Fondasyon Prestijye Elie Wiesel Onore 10 Elèv M-DCPS pou Redaksyon sou Defi Etik nan Sosyete a

Fondasyon prestijye “Elie Wiesel Foundation for Humanity” (Fondasyon pou Imanite Elie Wiesel) rekonèt 10 elèv lekòl segondè nan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pou aplikasyon yo nan Konkou Redaksyon sou Etik 2022 an.

 

Sa fè nevyèm ane, depi M-DCPS se sèl distri nan peyi a ki gen elèv twazyèm ak dènye ane lekòl segondè ki patisipe nan konkou sa a, yo te kreye orijinalman pou elèv kolèj. Gen plizyè milye jèn ki patisipe nan Prim sou Etik Fondasyon an nan nivo kolèj depi yo te kreye li an 1989.

 

Ganyan yo resevwa bousetid ‘Miami Dade Youth Fair’ bay. Sebastian Lorenzo, yon elèv twazyèm ane segondè nan Miami Arts Studio 6-12 @ Zelda Glazer, te ranpòte premye plas e li te resevwa yon bousetid kolèj $3,000 pou redaksyon li a ki rele, “The Paradox of Ethics:  An Analysis of Today’s Approach to Conflict.” (Kontradiksyon nan Etik: Yon Analiz sou Fason Nou Fè Fas a Konfli Jodi a). Dezyèm plas te ale jwenn Andrew Landsaw, yon elèv dènyè ane nan Lekòl Segondè Cutler Bay, li resevwa $2,000 pou redaksyon li a ki rele, “Our Children” (Timoun nou yo). Twazyèm plas la ale jwenn Alexandra Cozar, yon elèv twazyèm ane segondè nan “School for Advanced Studies- Homestead Campus” (Lekòl pou Etid Avanse – Kanpous Homestead la) Li resevwa $1000 pou redaksyon li a ki rele, “Vivid Remembrances” (Imajinasyon Briyan).

 

Mansyon onorab yo se te Camila Cruz, yon elèv dènye ane segondè nan lekòl TERRA Environmental Research Institute; ak Taylor Perez, yon elèv twazyèm ane segondè nan lekòl Miami Arts Studio 6-12 @ Zelda Glazer. Yo chak resevwa yon prim $250.

 

Yo te anonse gayan yo nan yon seremoni ki te fèt yèswa nan Betsy Hotel nan vil Miami Beach.

 

Konkou a pote non defen Eliezer "Elie" Wiesel, ki te yon pwofesè e aktivis politik Jwif-Ameriken ki fèt Woumani e ki te mouri an 2016. Li ekri plis pase 60 liv, pami yo genyen “Night,” yon liv ki baze sou eksperyans travay li kòm yon prizonye nan kan konsantrasyon Auschwitz, Buna, ak Buchenwald. Mesye Wiesel te resevwa Pri Nobèl Lapè a an 1986.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @supdotres, sou Instagram nan @miamischools ak @suptdotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

22-119/HD/RD/CM/SD

Follow us