Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
4/29/2022
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Andwa Depatman Jistis pou Jivenil nan M-DCPS Resevwa Pi Wo Klasman Posib

“The Florida Department of Education (FDOE)” (Depatman Edikasyon Florid) delivre rapò “2021-22 Department of Juvenile Justice (DJJ) Accountability Ratings” (2021-22 Klasman Responsablite pou Depatman Jistis Jivenil). “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami Dade County) gen kounye a kat andwa lekòl DJJ ki bay sipò edikasyonèl pou elèv yo. Andwa lekòl DJJ sa yo se AmiKids Miami-Dade South, AMIkids Miami-Dade North, Miami Youth Academy, ak PACE Center Girls, Inc. Pou premye fwa, 100% (san pousan) andwa DJJ nan lekòl M-DCPS resevwa klasman “Commendable” (Ekselan) ki se pi wo nivo posib.

 Pi wo nivo klasman posib pou tout pwogram DJJ nan M-DCPS yo se yon siksè eksepsyonèl pou elèv nou yo e tou ki reprezante efikasite sèvis chak pwogram pou elèv yo.

 ‘FDOE’ kalkile Klasifikasyon Responsablite DJJ yo chak ane baze sou 12 kritè, ki gen ladan pwogrè nan egzamen estandadize tout eta a nan matematik ak “English Language Arts (ELA)” (Li e Ekri Lang Anglè), pwogrè nan evalyasyon ‘Common Assessment’ nan matematik ak ‘ELA’, egzaktitid done yo, gradyasyon, pwogresyon nan nivo klas yo, kalifikasyon pwofesè, prezans, diplòm nan domèn travay yo, anplwa, ak rezilta aprè etid lekòl segondè yo. (Yo klase pwogram yo daprè sifizans done ki disponib).


# # #

22/121/JC/RD/SD

Follow us