Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
5/3/2022
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Lekòl Segondè Miami Coral Park Ranpòte Prim pou Kalite nan Konpetisyon Chanpyona Mondyal ànyèl ‘FIRST® Robotics’


Ekip wobotik Lekòl Segondè Miami Coral Park RamTech 59 la.

Ekip wobotik Lekòl Segondè Miami Coral Park, RamTech 59, te pami 450 ekip ki te soti nan plis pase 40 peyi nan yon Chanpyona Konpetisyon Mondyal ànyèl 4-jou ‘FIRST® Robotics’ nan Houston, resamman.

 ‘RamTech 59’ te fè pati Divizyon Carver, youn nan sis divizyon, yo chak gen ladan 75 ekip, e yo te fini an 8èm pozisyon. Ekip la te resevwa tou “Quality Award” (Prim pou Kalite), ki selebre solidite machin nan domèn konsepsyon ak fabrikasyon.  

 FIRST®, yon kominote wobotik ki prepare jèn moun pou lavni, te resevwa plis pase 35,000  elèv, antrenè ak fanatik nan pi gwo selebrasyon mondyal nan syans, teknoloji, jeni, ak matematik. Nan evènman an yo te selebre tou sezon wobotik 2021-2022 a, FIRST®  FORWARDSM Qualcomm te prezante. 

Konpetisyon Wobotik ‘FIRST®’ la bay elèv yo plis opòtinite ak eksperyans pase jis bati wobo yo. Konpetisyon an ede yo devlope relasyon konseye solid ant jèn yo avèk pwofesyonèl STEM, ki ede elèv yo jwenn plis konfidans pou eksplore pwosesis inovasyon an pandan y ap aprann valorize travay ann ekip ak ladrès pou rezoud pwoblèm. Elèv yo devlope amitye mondyal e yo aprann aplike konesans yo pou amelyore mond nou an. Yo aprann pou respekte e anbrase diferans youn ak lòt. FIRST bay plis pase $80 milyon nan bousetid chak ane.

 Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @suptdotres,, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

22-127/HD/CM/SD

Follow us