Linèt reyalite vityèl yo vin ajoute popilarite nan Redevlopman Lekòl
Mwayen Shenandoah.
Lekòl Mwayen Shenandoah te fè yon seremoni koupe riban yè maten
pou devwale yon sant medya tounèf, ki chaje ak teknoliji. Lekòl sa a pami dènye
etablisman nan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta
Miami-Dade County) ki ap patisipe nan inisyativ “Middle School Redesign (MSR)”
(Redevlopman Lekòl Mwayen), ki modènize espas yo avèk koulè briyan, nouvo mèb
konfòtab, ekipman (VR) reyalite vityèl, tablo ‘Promethean’, yon seksyon wobotik
ak plis pase yon douzèn estasyon pou òdinatè.
Inisyativ sa a
te vin posib gras ak yon patenarya $2 milyon ant M-DCPS, Fondasyon
‘College Football Playoff’ ak “College Football Playoff National
Championship Game Host Committee (CFPNCG)” (Komite Akèy Chanpyona Eliminatwa
Foutbòl Kolèj Nasyonal) pou ane 2021 an.
Elèv yo te ektrèmman kontan lè yon te wè nouvo sant medya sa a. Jasmine
Casseus, yon elèv 7èm ane eskolè, ki te prezante salitasyon mo byenveni yo nan
seremoni koupe riban an di, "Mwen poko janm wè yon bagay konsa, li bèl e
li modèn... Ou wè tout bagay yo prèske tankou yon reyalite. Moun ki fè objè sa yo
se moun ekstrawòdinè yo ye."
Sipèentandan Lekòl yo Jose L. Dotres, Manm
Komisyon Konsèy Lekòl Mari Tere Rojas ak Direktris Lekòl Mwayen Shenandoah Bianca
Calzadilla te rankontre ak Komite Prezidan Eli Orange Bowl la Frank Gonzalez, Thomas Abraham,
Chèmann Fondasyon Anthony Abraham la ak Direktè Egzekitif Fondasyon College Football Playoff Fondasyon Britton
Banowsky pou devwale ofisyèlman sant medya a.
Nan
mitan foto a –Sipèentandan Lekòl yo Jose L. Dotres; Dtè. Sylvia Diaz, Ofisye Akademik Anchèf;
Direktris
Lekòl Mwayen Shenandoah Bianca Calzadilla ak manm Komisyon Konsèy Lekòl Mari
Tere Rojas rankontre avèk Komite Orange Bowl la ak patnè Fondasyon Anthony
Abraham yo. Evènman koupe riban an inogire nouvo sant medya inovatif nan Lekòl
Mwayen Shenandoah.
Te gen yon elèv, Daniela Viera, ki te mande kisa redevlopman konstriksyon
an t ap revele. "Mwen te tande sijesyon sou li, men mwen pa te gen yon ide
sa li te ka sanble. Mwen pa te janm espere li tap bèl konsa! Sa trè enpòtan pou
nou paske li se yon nouvo espas, inovatif pou pwochen lidè yo! E yo ap pwofite pran
avantaj nan espas tounèf sa a, ki reyèlman etonan. Espas sa a pral ede yo fokalize
yo epi fè yo santi yo alèz nan lekòl la.”
Patnè nou yo
pral kontinye devwale nouvo pwojè pandan tout ane a pou sipòte inisyativ MSR
Distri a, ki fèt pou satisfè bezwen san parèy pwofesè ak elèv yo nan domèn
sosyal, emosyonèl, ak akademik.
Pou de`nye
enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi - vandredi
a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6e`
diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje
aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @suptdotres, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
22-128/HD/SD/RD