Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County a vote an blòk jodi a pou
chwazi Manb Komisyon Konsèy Mari Tere Rojas, yon edikatris ki gen plis pase 45
ane eksperyans, kòm chèmann Komisyon Konsèy la pou ane ki ap vini an.
Madan Rojas remèsye kòlèg li nan Konsèy la pou sipò yo, e li pa ka
tann pou l kòmanse travay nan tèt ansanm avèk yo. Yo te re-eli li nan Komisyon Konsèy
la nan mwa out ki sot pase a, e kounye a l ap sèvi pou yon twazyèm manda kòm
reprezantan Distri 6. Se premye fwa l ap sèvi kòm Chèmann.
Yo chwazi Manb Komisyon Konsèy Dtè. Lubby Navarro kòm Vis Chèmann. Se
Gouvènè Rick Scott ki te nommen Dtè. Navarro pou premye fwa an 2015 pou konble
vid ki te genyen nan reprezantasyon Distri 7 la. Yo te eli li an 2016 pou
kontinye sèvi elektè li yo, e yo te re-eli li an 2020. Se premye fwa l ap sèvi
kòm Vis Chèmann.
Pou dènye
enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi – vandredi a
9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa
sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje
aplikasyon óvil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @suptdotres, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
22-VSP/038/HD/CM/RD