Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
1/26/2023
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Kat Finalis Nan Konpetisyon Pou Prim Meyè Pwofesè Pou Ane A Nan Lekòl Miami-Dade

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pral òganize dine Meyè Pwofesè Francisco R. Walker 2024 nan Miami-Dade County pou nonmen pwofesè ki pi ekstrawòdinè atravè Distri a madi 31 janvye 2023, a 6:30 diswa nan DoubleTree by Hilton Hotel Miami Airport & Convention Center. Otèl la lokalize nan 711 N.W. 72nd Avenue, Miami, FL  33126.

Men lis kat finalis yo, rejyon ak lekòl yo reprezante yo:


Men lis kat finalis yo, rejyon ak lekòl yo reprezante yo:

  • Nò – Vanessa Radice, Hialeah-Miami Lakes Senior High
  • Santral – Don Clerveaux, Phyllis Ruth Miller Elementary
  • Sid – Khristal Gooding, Robert Morgan Educational Center
  • Kolèj Teknik/Adilt ak Opòtinite e Aksè Edikasyonèl Monique Bryant-Clayton, COPE Center North.

 

Enstitisyon ki ap patwone evènman an se Univision 23 ak lòt sipò patwonaj ki ladan yo EdFed, Office Depot, United Way of Miami-Dade, ak Kendall Toyota, ki pral prezante gayan an kle yon oto tounèf. Evènman sa a fèt avèk patenarya “Dade Association of School Administrators (DASA)” (Asosyasyon Administratè Lekòl nan Dade), Konsil PTA/PTSA Miami-Dade County ak “United Teachers of Dade (UTD)” (Sendika Pwofesè nan Dade).

Distri a ak “United Teachers of Dade (UTD)” (Sendika Pwofesè nan Dade) pral rekonèt tou finalis Meyè Pwofesè Debitan pou ane 2023 a e y ap anonse gayan an nan evènman an. Men lis finalis yo:

 

  • Nò – Soleil Lobato, Hialeah Middle School
  • Santral – Franquiana Williams, Frederick Douglass Elementary School
  • Sid – Briana Pires, Miami Southridge Senior High
  • Kolèj Teknik/Adilt ak Opòtinite e Aksè Edikasyonèl Diana Erira Cobos, Lindsey Hopkins Technical College.

 

Evènman an ap difize tou sou entènèt nan https://dadeschools.eduvision.tv/.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @suptdotres, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.

 


# # #

23-VSP/062/HD/SD

Follow us