Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
1/26/2023
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Yo Rekonèt MAST Academy Kòm Premye Lekòl Segondè Nan Florid Ki Resevwa Prim 'Gold' pou Anviwònman an

Jodi a, Pwogram ‘Florida Green Schools’ “Florida Department of Environmental Protection’s (FDEP)” (Depatman Pwoteksyon Anviwònmantal Florid) te onore “Maritime and Science Technology (MAST)” (Akademi Teknoloji Maritim ak Syans) ak yon deziyasyon "Gold" (Lò) ak prim "Gold Apple" (Pòm Dò) la.

 

MAST Akademi se premye lekòl segondè nan Florid ki resevwa rekonesans sa a, grasa ‘Green Champions’, ki se yon gwoup elèv, pwofesè, paran ak patnè kominotè angaje ki reyini ansanm pou fè pati pa yo pou fè MAST Akademi vin tounen yon lekòl “zero-waste and zero-net energy“ (ki pa gaspiye oswa konsome enèji renouvlab) anvan ane 2030.

 

Atravè yon sistèm deziyasyon kat (4) nivo, lekòl yo gen opòtinite pou yo reyalize diferan nivo "Apple" (Pòm), kòmanse ak nivo Vèt la, answit Bwonz, Ajan, e finalman Pòm Dò, ki se nivo deziyasyon ki pi wo a. Aktyèlman, gen sèlman kat (4) lekòl nan eta a, pami yo gen twa (3) ki nan Lekòl Leta Miami-Dade County, ki te resevwa rekonesans sa a.

 

Yo te lanse Pwogram Deziyasyon Lekòl ki Sèvi ak Enèji Renouvlab Florid la an 2016, e se yon inisyativ FDEP ki rekonèt lekòl K-12 ki volontèman pran angajman pou konsève ak pwoteje resous natirèl Florid yo epi ki demontre yo ede amelyore anviwònman an.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @suptdotres, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

23-VSP/063/HD/RD/SD

Follow us