Depatman “Early Childhood Programs” (Pwogram Aprantisaj pou
Timoun Anbazaj) nan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta
Miami-Dade County), “kote aprantisaj kòmanse,” lanse kanpay ‘Ready, Set,
Enroll!’ (Prepare W, Ale, Enskri!) avèk yon varyete pwogram aprantisaj pou
timoun anbazaj ak pwogram “Voluntary Prekindergarten (VPK)” (Klas Matènèl
Volontè) pou ane lekòl 2023-2024 la.
Pwogram Edikasyon VPK
nan Florid (VPK): VPK se
yon pwogram gratis ki prepare timoun pou jadendanfan e pi lwen, disponib nan plis
pase 200 lekòl nan tout konte a. Timoun yo dwe gen 4 ane daj nan dat 1ye
septanm nan nenpòt ane a, pou yo enskri. W ap jwenn lis lekòl ki ap
patisipe yo ki disponib sou sit entènèt la nan http://earlychildhood.dadeschools.net.
Pwogram VPK M-DCPS la sèvi ak yon sistèm lotri pou l chwazi
elèv. Aprè fanmi yo fin bay prèv nesans timoun yo ansanm ak adrès yo nan lekòl
pitit yo anvan dat limit 23 fevriye 2023 an, yo ap antre yo nan lotri VPK a. Tiraj lotri a pral fèt
vandredi 24 fevriye 2023. Se timoun non yo soti nan lotri a n ap chwazi pou antre
nan pwogram nan.
Ap gen plas ouvè ki disponib nan kèk lekòl aprè dat lotri
a. Paran timoun yo pa t chwazi nan lotri a, dwe kontakte Depatman Early
Childhood Programs nan 305-995-7632 pou asistans pou yo jwenn yon plas
disponib. Paran ka jwenn “VPK Program
Certificate of Eligibility” (Sètifika Elijibilite pou Pwogram VPK) ki obligatwa
pou aplikasyon an sou sit entènèt biwo ‘Early Learning’ nan: www.vpkhelp.org
Pwogram
‘Head Start/Early Head Start’: Se yon pwogram nou ofri an
patenarya avèk ‘Miami-Dade County Community Action and Human Services’, pwogram
Head Start M-DCPS la se yon pwogram devlopman global konplè timoun, leta
federal finanse, pou sèvi timoun depi yo fèt jiska senkan (5) pou fanmi ki ki
elijib daprè revni yo. Pwogram nan gen ladan timoun ki gen andikap e ki ap
resevwa yon gwo varyete sèvis pou devlopman yo.
Nou aksepte aplikasyon pou enskripsyon pou toude pwogram yo
pandan tout ane a. Pou plis enfòmasyon, kondisyon pou enskripsyon, aplikasyon
sou entènèt, ak yon lis konplè lekòl ki ap patisipe yo, vizite headstart.dadeschools.net/ oswa www.miamidade.gov/headstart.
Pwogram ‘Reverse
Mainstream’: Pwogram nan bezwen elèv edikasyon
jeneral pou sèvi kòm modèl pou yon kantite plas limite nan
“Pre-K Exceptional Student Education (ESE)” (Edikasyon Elèv Eksepsyonèl Klas Matènèl) atravè
distri a. Pwogram sa a ofri yon jounen opòtinite konplè oubyen mwatye
jounen, gratis pou elèv ki kalifye. Elèv yo kalifye, kòmanse nan laj twazan
(3), e yo dwe gen nivo langaj ki apwopriye ak ladrès sosyal pou laj yo paske yo
pral sèvi kòm modèl pou timoun ki gen andikap.
Kourikoulòm Pre-K ESE sa a li rijid e li ofri elèv yo yon
opòtinite pou pran klas preparatwa pou lekti, matematik, syans ak etid sosyal,
ansanm ak devlope ladrès sosyal yo nan yon anbyans lekòl. Paran dwe mande lekòl
ki sou katye yo enfòmasyon oubyen yo ka rele biwo “Pre-K Special Education”
(Edikasyon Espesyal Klas Matènèl) nan 305-271-5701 pou idantifye pwogram ki
toupre lakay yo. Nou envite elèv ki pral sèvi kòm modèl nan Pwogram ‘Reverse
Mainstream’ nan pou vini lekòl la pou kèk jou pandan prentan an pou pwofesè yo
evalye nivo preparasyon yo pou pwogram sa a.
Pou plis enfòmasyon, silvouplè vizite http:/earlychildhood.dadeschools.net oswa rele
305-995-7632.
Pou
dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi -
vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM,
e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè
telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter
nan @mdcps ak @suptdotres, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
23-VSP/061/HD/SD/RD