Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
1/31/2023
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Anonse Orè Pwogram Vaksinasyon pou Elèv Lekòl ki Disponib pou Mwa Fevriye a

"Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County) kontinye fè patenarya avèk ak "University of Miami Health System (UHealth) Pediatric Mobil Clinic" (Inite Pediatrik Mobil Sistèm Sante 'University of Miami') pou ofri vaksen obligatwa pou rantre lekòl, vaksen ak tès nan plizyè douzèn lekòl atravè Distri a.

 

Klinik Inite Pedyatrik Mobil UHealth pral ofri vaksen obligatwa pou rantre lekòl nan ane eskolè 2022-2023 a, ak pou nenpòt elèv ki manke yon vaksen pou rantre lekòl.

 

UHealth pral ofri tou vaksen COVID-19 la ansanm ak vaksen kont grip la ak tès COVID-19. Twazyèm dòz vaksen COVID-19 la ap disponib tou pou elèv ki elijib.

 

Pou elèv yo elijib pou vaksen COVID-19 la, yo DWE gen laj sis mwa omwen nan jou y ap resevwa vaksen an. Paran yo dwe ranpli yon fòm depistaj ak konsantman pou vaksen COVID-19 la, ki ap disponib nan lekòl la. Randevou pa nesesè pou resevwa vaksen an, toutotan li disponib.

 

Nou mete feyè nan atachman an ann Anglè, ann Espanyòl ak an Kreyòl ki gen tout andwa, dat, ak lè ki disponib pandan tout mwa fevriye a pou kominote a.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @suptdotres, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

23-VSP/60/AR/RD/SD

Follow us