Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
10/6/2025
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Sekirize Plis Pase $3.2 Milyon Finansman Eta a pou Agrandi Pwogram Edikasyon Mendèv nan Sektè Ayewospasyal ak Aviyasyon

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) resevwa plis pase $3.2 milyon finansman nan men eta Florid pou agrandi pwogram "Career and Technical Education (CTE)" (Edikasyon Karyè ak Teknik) li yo nan sektè ayewospasyal ak aviyasyon.

 

Envestisman $3,249,247 la fè pati $40 milyon Komisyonè Edikasyon Florid Anastasios Kamoutsas te mete sou kote pou ranfòse pwogram edikasyon mendèv nan tout eta a. Finansman an pral sipòte lansman dezyèm pwogram SpaceHUB Magnet distri a nan Booker T. Washington Senior High School.

 

Pwogram sa a, yo devlope an patenarya avèk ‘Space Florida’ ki se nouvo SpaceHUB nan Booker T. Washington, fèt pou satisfè demand k ap ogmante pou pwofesyonèl kalifye nan endistri ayewospasyal ak defans yo. Inisyativ la adrese bezwen mendèv yo idantifye atravè Evalyasyon Bezwen Lokal Konplè Perkins la ak kontribisyon lidè endistri ayewospasyal yo.

 

Pwogram nan pral ofri twa filyè espesyalizasyon nan domèn CTE magnet ki sou menm liy ak karyè ayewospasyal ki gen anpil demand tankou:

·         “Applied Aerospace Engineering” (Jeni Aplike nan Ayewospasyal)
ki konsantre sou konsepsyon, devlopman ak tès pou sistèm avyon ak veso espasyal.

·         Wobotik Ayewospasyal Aplike – Ki fòme elèv yo nan otomatizasyon ak wobotik yo itilize nan fabrikasyon ak operasyon ayewospasyal.

·         Sistèm Elektrik Ayewospasyal – Ki bay enstriksyon nan enstalasyon, depanaj ak antretyen sistèm elektrik ak avyonik nan avyon ak veso espasyal.

 

Sa fè dezyèm nan twa SpaceHUB nou prevwa mete nan M-DCPS. Premye a te lanse nan Hialeah-Miami Lakes Senior High, ki te resevwa yon sibvansyon CAP nan men eta Florid an 2024. Ekspansyon sa a reflete angajman distri a pou pèmèt yon transmisyon talan ki solid pou sipòte lidèchip Florid nan inovasyon ayewospasyal.

 

Anplis finansman SpaceHUB la, M-DCPS te jwenn $350,000 pou sipòte pwogram CTE apre lekòl segondè yo. Se elèv adilt ak nouvo gradye k ap pouswiv sètifikasyon avanse nan antretyen aviyasyon ki pral benefisye finansman sa a nan domèn tankou:

·         Mekanik Sistèm Motè Aviyasyon

·         Mekanik Estrikti Avyasyon

·         Antretyen Jeneral nan domèn Aviyasyon

 

Estrateji envestisman doub sa a asire M-DCPS ap prepare elèv lekòl segondè ak elèv apre lekòl segondè pou karyè nan metye kalifye ki gen anpil demand, e ki esansyèl pou ekonomi Florid la.

 

Sipèentandan Lekòl yo, Dtè. Jose L. Dotres di, “Envestisman enpòtan sa a konfime angajman nou pou kreye chemen karyè ki klè e ki sou menm liy avèk endistri a pou elèv nou yo… Lè nou asosye avèk Space Florida epi konsantre sou pwogram lekòl segondè espesyalize ak fòmasyon avanse apre lekòl segondè, nou asire kourikoulòm nan solid epi li prepare kominote nou an dirèkteman pou travay ki gen gwo salè ak an anpil demand ki pral enfliyanse avni eksplorasyon espasyal ak aviyasyon."

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

25-JCD/040/ERL/SD/CM/RD

Follow us