Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
10/14/2025
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Selebre Efò Anviwònmantal Inovatif Atravè Prim pou Pwogram Rekonesans Lekòl Ekolojik yo


Gayan yo resevwa prim nan seremoni prim pou Pwogram Rekonesans Lekòl Ekolojik yo

nan Jaden Botanik 'Fairchild Tropical’ la.

 

"Miami-Dade County Public Schools" (Lekòl Leta Miami-Dade County) te òganize dezyèm seremoni anyèl Pwogram Rekonesans Lekòl Ekolojik yo nan 'Fairchild Tropical Garden' pou rekonèt efò inovatif nan anviwònman an pami 64 lekòl elemantè, mwayen, ak lekòl segondè ki te patisipe yo.

 

Karly Pulido, Ofisye Anchèf Pwogram Dirabilite M-DCPS la di, "Edikasyon piblik se sèl sektè kote plis pase 3 milyon elèv gradye chak ane... Sa vle di nou gen pi gwo opòtinite ak responsabilite pou prepare jèn yo pou pran swen anviwònman yo epi bati kominote ki solid ak rezistan. Pwogram Lekòl Ekolojik yo ba yo eksperyans pou fè sa.

 

"M-DCPS Green Schools Recognition Program (GSRP)" (Pwogram Rekonesans Lekòl Ekolojik yo) se yon inisyativ enpòtan nan tout distri a ki ankouraje epi selebre lekòl ki pran aksyon konkrè pou pwoteje anviwònman an epi mete leson sou anviwònman nan kourikoulòm yo.

 

Twa premye lekòl ki te gen plis pwen pou efò dirabilite jeneral yo te resevwa prim Gayan Jeneral pou Lekòl Ekolojik yo epi yo resevwa yon don finansye ki vo $5,000, $3,000, ak $1,000 daprè lòd gayan yo. Lekòl gayan yo se:

 

1èm Plas - Twin Lakes Elementary School

2èm Plas - Young Women’s Preparatory Academy

3èm Plas - Sylvania Heights Elementary

 


Yo te prezante tablo ki baze sou tèm anviwònman nan seremoni prim pou Pwogram Rekonesans Lekòl Ekolojik yo.

 

Alena Sheriff, yon pwofesè twazyèm ane nan Lekòl Elemantè Twin Lakes e ki se gayan premye prim nan deklare, "Pou Distri a, prim sa yo vle di nou pral mete nivo a pi wo toujou epi ede elèv yo vin defansè anviwònman an…Timoun sa yo se avni nou… Madan Sheriff ki ap dirije Klib Anviwònmantal la, The Garden Club ak The Food Forrest an kolaborasyon avèk elèv yo kontinye pou di, Nou ap prepare chemen an pou yo, epi se yo ki pral kontinye travay la."

 

Yo te rekonèt tou sèt lekòl pou efò eksepsyonèl yo fè nan kategori ki suiv sa yo epi yo chak te resevwa yon prim $1000 kach:

 

·         "School Grounds Advancement" (Amelyorasyon nan Teren Lekòl la) - Dr. Rolando Espinosa K-8 Center

·         "School Sustainability" (Dirabilite Lekòl la) - Palm Springs North K-8 Center

·         "Health and Wellness" (Sante ak Byennèt) - Kinloch Park Elementary

·         "Curriculum Integration" (Entegrasyon nan Kourikoulòm)- Dorothy M. Wallace C.O.P.E. Center

·         "Community Involvement" (Angajman Kominotè) – Pinecrest Elementary

·         "School-Wide Culture" (Anviwònman Kilti Lekòl la) - Banyan Elementary

·         "Innovation" (Inovasyon) – Coral Way K-8 Center

 

Seremoni an te gen ladan administratè Distri a, pwofesè ak elèv epi Ron Magill te sèvi kòm Mèt Seremoni e li te òganize seremoni prim nan pou rekonèt efò eksepsyonèl 64 lekòl ki te patisipe nan konpetisyon yo, yo tout te resevwa yon prim pou patisipasyon yo.



Elèv yo te fè yon pèfòmans pou envite yo nan seremoni prim Pwogram Rekonesans Lekòl Ekolojik yo.

 

Siksè pwogram 'GSRP' a, espesyalman kapasite li pou bay rekonpans finansye, fèt gras a don ki soti nan fondasyon 'Green Fund' M-DCPS la. Fon sa yo sèvi pou sipòte inisyativ yo epi bay rekonpans lajan kach pou lekòl ki pi pèfòman yo, ki ka itilize lajan sa yo pou plis pwojè ekolojik sou lakou lekòl yo. Pami gwo sipòtè pwogram sa gen ladan McGraw-Hill, CDW-G, Core Construction, Florida Power & Light (FPL), and Educational Federal Credit Union, ak lòt ankò.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

25-JCD/036/AZ/RD/SD

Follow us