Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
10/16/2025
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Lekòl 'Venetian Parc Academy' Louvri Yon Nouvo Chapit ki Redefini Edikasyon


 

Lendi pase, “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te fè yon seremoni koupe riban nan lekòl 'Venetian Parc Academy' pou selebre finisman pwojè konstriksyon bilding prensipal lekòl la.

 

Dtè. Jose L. Dotres, Sipèentandan Lekòl yo, te deklare, "Gen yon mo ki dekri lekòl sa a, mo a se ‘pyonye’. Ann pa eseye minimize sa—lekòl sa a se yon avangou sou vizyon sa nou ka ofri elèv yo alavni."

 

Dtè. Dotres aksantye de (2) nouvo salklas matènèl nan lekòl la, ki swiv yon pwogram aprantisaj inovatif ki baze sou modèl ‘Reggio Emilia’ a, ki se yon apwòch ki ankouraje aprantisaj elèv yo ki gide pa pwòp kreyativite yo. Aprantisaj sa a ka fèt atravè redaksyon ak lekti, men tou atravè ar, mizik, teyat ak anpil lòt fòm ekspresyon.

 

Nouvo bilding Lekòl 'Venetian Parc Academy' a

 

Bilding nan gen sèt salklas jadendanfan, ven salklas primè, ak dis salklas entèmedyè, de (2) salklas pou "Exceptional Student Education (ESE)" (Edikasyon Elèv Eksepsyonèl), ansanm ak

yon laboratwa pou devlopman konpetans, yon sal pou atizay, ak yon sal mizik.

 

Bilding nan gen tou yon sant medya, yon biwo administrasyon ak yon biwo sèvis pou elèv, yon kwizin konplè ak yon sal pou manje, yon abri pou edikasyon fizik, yon teren jwèt, de (2) teren beton, epi pakin pou anplwaye ak vizitè.

 

Se konpayi Veitia Padron, Inc. ki te resevwa kontra pou pwojè konstriksyon sa a ki vo $24 milyon, ki gen ladan 750 plas pou elèv. Kounye a, lekòl la gen klas matènèl rive nan dezyèm ane, men li gen plan pou ajoute yon klas chak ane pandan elèv ki pi gran yo ap avanse nan nivo klas yo.

 

Madan Yamberli N. Cruz, Direktris Lekòl ‘Venetian Parc Academy’ a di, "Avèk seremoni koupe riban sa a, sa pa sèlman yon bilding ankò. Enstitisyon sa a se pou elèv yo, pwofesè nou yo, ak tout kominote lekòl la... Lekòl la tounen yon kote elèv nou yo pral devlope amitye. Yo pral kreye anpil souvni. Yo pral aprann epi yo pral grandi pou vin bonjan lidè nou konnen yo kapasite pou ye."

 

Pwojè bon nan lekòl yo se rezilta apwobasyon votè yo te bay Bon Obligasyon Jeneral $1.2 milya dola a an 2012. Nou ap itilize lajan bon yo pou modènize ak konstwi bilding lekòl atravè Distri a, ogmante kapasite lekòl yo pou pran plis elèv, amelyore sekirite nan etablisman yo, e amelyore teknoloji nan tout lekòl. 

 

Nou envite paran yo pou asire avni pitit yo nan anviwònman edikasyonèl dènye kri sa a. Lekòl 'Venetian Parc Academy' ap resevwa aplikasyon pou gwoup elèv klas matènèl jiska 3èm ane. Pou plis enfòmasyon oubyen pou aplike, tanpri vizite sit entènèt Pwogram Chwa M-DCPS la nan: yourchoicemiami.org/venetianparc.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.


Tèt caption: Sipèentandan Lekòl yo Dtè. Jose L. Dotres, te antoure ak Reprezantan Distri a ansanm ak elèv ak anplwaye lekòl 'Venetian Parc Academy'



# # #

25-JCD/036/AZ/RD/SD

Follow us