Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
10/24/2025
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Onore De (2) Pwofesè Mizik ak yon Gwoup Vokal Feminen, Ki Kounye a se Semi-finalis pou yon Prim GRAMMY®

Yon gwoup vokal feminen ki soti nan lekòl magnet "Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County), Miami Arts Studio 6-12, Zelda Glazer, aktyèlman sou premye tou bilten ofisyèl nan kategori "Meyè Pèfòmans Koral" nan 68èm Prim Anyèl GRAMMY® a pou albòm andirèk yo a, "Bellarmonia National ACDA 2025." Si gwoup la jwenn nominasyon sa a, li ap premye gwoup lekòl segondè piblik ki resevwa onè sa a.

 

Anplis, Direktris Koral Miami Arts Studio 6-12, Zelda Glazer a, Cindy Ellis, ak Direktris Gwoup Mizik Magnet Lekòl Segondè South Miami, Jennifer Jimenez, toude se semi-finalis pou Prim Edikatè Mizik GRAMMY® 2026 la.

 

Gwoup vokal, Bellarmonia, nan konpetisyon pou yon nominasyon pou pèfòmans ekstrawòdinè yo te fè nan chan ‘Simon and Garfunkel’ la ki se "Bridge Over Troubled Water," ansanm ak kat lòt moso nan yon seri chan yo te pèfòme nan Konferans "American Choral Directors’ Association (ACDA) " (Asosyasyon Direktè Koral Ameriken) nan Dallas mwa mas pase a. Gen 24 jèn fi yo, ki nan laj ant 14 ak 18 ane, ki te premye prezante chan sa a nan yon evènman devan yon odyans 5,000 moun. Depi lè sa a, pèfòmans ekstrawòdinè sa a te vin viral, li te kaptive kè moun ki renmen mizik atravè lemond e plis pase 40 milyon moun te gade li sou divès platfòm medya sosyal.

 

Youn nan direktè koral lekòl la, Ryan Ellis, di "Pèfòmans an dirèk yo te tèlman enspiran, odyans la te renmen li... Yo te kaptive piblik la avèk yon pèfòmans ekstrawòdinè avèk atansyon yo te bay nan tout ti detay ak amoni yo te reyalize yo. Moun yo te sezi wè kijan timoun sa yo te ka chante si byen nan yon laj si jèn konsa."

 

Apre konferans lan, yo te rearanje e refikse anrejistreman an yon fason pwofesyonèl nan estidyo anrejistreman lekòl la e yo te pibliye li atravè biwo anrejistreman mizik yo, MAS Records, ki pa la pou pwofi. Saksofonis gayan prim GRAMMY® a, ki se manm konsèy konsiltatif lekòl la tou, Ed Calle, te sijere pou yo soumèt pèfòmans ekstrawòdinè sa a pou konsiderasyon. Yo ap anonse nominasyon final la 7 novanm 2025.

 

Youn nan solis gwoup la, Gabriella Marquez, te resevwa tèlman atansyon yo te envite li pou l jwe nan Carnegie Hall an jen pwochen. Yo te envite gwoup la tou pou li jwe nan konferans ansanm ak divès evènman atravè peyi a jiska 2027 e li te resevwa yon envitasyon avèk tout depans peye pou yo ale jwe nan Kore Disid.

 

 

Sa te parèt resamman nan Sant pou Pèfòmans Ar Raymond F. Kravis nan West Palm Beach, apre chantè ak konpozitè Jacob Collier, ki te resevwa yon prim Grammy nan kategori “Best Arrangement” (Meyè Arangman) nan kònmansman ane a pou vèsyon amonize li a, "Bridge Over Troubled Water" te envite li pèsonèlman.

 

Miami Arts Studio 6-12@Zelda Glazer se youn nan 121 lekòl M-DCPS yo ak plis pase 350 pwogram magnet ki kouvri depi klas jadendanfan rive 12èm ane nan domèn ki varye ant ar rafine, dans, ak pwogram mizik rive nan pwogram lang, akademi etid legal ak wobotik. 

 

Nou aksepte aplikasyon sèlman atravè Pòtal Paran M-DCPS la nan dadeschools.net. Peryòd Aplikasyon yo ouvè chak ane kòmanse 1ye oktòb rive 15 janvye. Pou plis enfòmasyon, vizite miamimagnets.org.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

25-JCD/043/AZ/SD/CM

Follow us