Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
10/30/2025
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Fè yon Seremoni Koupe Riban pou Bilding Twa Etaj Li Ajoute nan Herbert A. Ammons Middle School

 

 



Nouvo Bilding Herbert A. Ammons Middle School la

 

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te fè yon seremoni koupe riban nan Lekòl Mwayen Herbert A. Ammons (Ammons) pou nouvo bilding twa etaj, modènize yo a ki mezire 113,000 pye kare.   

 

Pandan Raul Perez, Ofisye Anchèf Etablisman nan M-DCPS t ap fè referans avèk senbòl lekòl Ammons la li di, “Sa se yon bilding distenge, avèk tout eleman li dwe gen ladan. ‘Eagle’ ka vole nan wotè li vle kounye a, avèk nouvo bilding sa a. Se yon etablisman dènye kri soti depi anlè pou rive anba.”

 

Perez te akonpaye avèk Sipèentandan Rejyon Sid la Rafael A. Villalobos, Manb Komisyon Konsèy pou Distri 7 Mary Blanco, Direktris Ammons Middle la Maria Costa, reprezantan depatman konstriksyon Distri a, pwofesè ak elèv nan selebrasyon yo t ap fè pou nouvo lekòl la.

 

 

Direktris Ammons la Maria Costa deklare “Bilding sa a pa sèlman yon melanj fè, vit ak blòk. Se yon temwayaj fizik angajman kominote nou an pou timoun nou yo. Li reprezante potansyèl san limit chak elèv ki ap pase atravè pòt lekòl sa a, yon espas ki koresponn ak talan ak devouman pwofesè ak elèv nou yo.”

 

Lekòl la te ouvè pou premye fwa an 1997 e an 2017 li te premye Pwogram Bakaloreya  Entènasyonal pou Lekòl Mwayen Distri a te otorize atravè tout lekòl yo. Tout 1,017 elèv lekòl la aprann Fransè oubyen Espayòl nan pwogram sa a.  

 

Selon Madam Costa, lè konstriksyon an te kòmanse, yo te mete lekòl la tanporèman nan yon lekòl elemantè. Li di, pou elèv ak pwofesè yo, lè yo nan bèl bilding sa a, yo santi se yon eksperyans ki vrèman eksitan.

 

Li gen kat laboratwa enfòmatik, de (2) chanm pou aktivite atistik, ak de (2) chanm pou demonstrasyon pou travay laboratwa nan klas syans la. Genyen tou chanm pou ar, ansanm ak laboratwa pou devlopman ladrès.

 

Nouvo sant medya Herbert A. Ammons Middle School la

 

Sant medya a gen gwo fenèt ki gen espas ki ouvè e ki ekipe avèk kanape ak dodin kote elèv yo ka vin detann yo e etidye an gwoup. Gen yon kwen ki rezève pou aktivite STEM tankou zouti pou konstriksyon ‘Maker’s Space’ ak ekipman wobotik.

 

Dezyèm ak twazyèm etaj yo gen chanm ki ap sèvi jeneralman kòm salklas, kat laboratwa enfòmatik, de (2) chanm pou ar, ak de (2) chanm demonstrasyon pou travay laboratwa elèv yo fè nan klas syans yo.

 

Anplis biwo administrasyon yo, redchose a fèt pou pèfòmans atistik, avèk yon chanm pou koral, yon chanm pou gwoup mizikal la, ak yon chanm pou teyat ansanm ak kazye pou elèv Edikasyon Fizik yo. Genyen tou yon kafeterya avèk yon gran espas pou moun manje. Kafeterya a genyen tou yon podyòm ak yon kabin son kote elèv gwoup teyat ak gwoup mizik la ka pèfòme. Anvan sa, elèv yo te konn pèfòme deyò lekòl la oubyen nan yon lekòl segondè ki toupre a.

 

Melissa Villares Lopez, yon elèv klas uityèm di, “Pati mwen pi renmen an se nouvo podyòm nan. Mwen se prezidan klib teyat la e sa fè lontan m ap tann moman sa a pou m monte sou podyòm nan lekòl mwen an, e nou menm gen yon kabin son ekstrawòdinè. Mwen pa ka tann pou m kòmanse pèfòme.”

 

Se ‘Florida Lemark Corporation’ ki te gen kontra pou reyalize pwojè $40.7 milyon an ki ka pran kounye a 1,337 plas pou elèv nan kanpous ki lokalize nan zòn sid Miami-Dade County.

 

Pwojè bon nan lekòl yo se rezilta apwobasyon votè yo te bay Bon Obligasyon Jeneral $1.2 milya dola a an 2012. Nou ap itilize lajan bon yo pou modènize ak konstwi bilding lekòl atravè Distri a, ogmante kapasite lekòl yo pou pran plis elèv, amelyore sekirite nan etablisman yo, e amelyore teknoloji nan tout lekòl. 


# # #

25-JCD/048/AZ/CM/SD

Follow us