### 01-AMC115/CF

CARLOS PONCE, ED CALLE METE AK ELÈV M-DCPS POU
KONSÈ 'NOU SE AMERIKA' 29 NOV.
19 novanm 2001
Artis Mizikal Carlos Ponce e Ed Calle ap mete ansanm ak plis
pase 1,600 elèv nan Lekòl Leta Miami-Dade
County pou yon konsè espesyal ki gen tèm tit
li "We Are America" (Nou Se Amerika) nan jedi 29 nov. a
7è diswa nan Jackie Gleason Theatre of the Performing
Arts, 1700 Washington Ave., Miami Beach.
Se elèv ki planifye konsè a apre evenman 11
septanm nan pou ede "selebre detèminasyon espri
Ameriken e abilite peyi a pou vanse devan malgre tan
pwoblèm sa a". Se vedèt radyo, Gina Martell
ki nan Love 94-FM k ap anime festivite a.
Tikè yo a $10, $15 e $20 e yo disponib nan
Ticketmaster (Dade: 305-358-5885; Broward: 954-523-3309)
oubyen nan biwo gichè Jackie GleasonTheatre.
Tikè "VIP" (Resève Espesyal) a $75 ki genyen
ladan yon resepsyon anvan-konsè a.
Pou plis enfòmasyon, kontakte Lilia Garcia, Direktris
Administratif, Divizyon Ladrès Lavi e Pwojè
Espesyal nan 305-995-1912.