|

ANPLWAYE NAN SÈVIS MANJE GAYE PRIM ANPLWAYE POU
ANE AFSCME AN
3 desanm 2003
Dianne Carruth, Manadjè Sèvis Manje nan
lekòl elemantè Ruth K. Broad Bay Harbor gaye
prim Anplwaye pou Ane a ki soti nan "American Federation of
State, County and Municipal Employees (AFSCME)" mwa pase a.
Li resevwa $1,000 ak plak ki soti nan AFSCME e Dade
Association of School Administrastion.
Flossie Willis, yon espesyalis pou fonksyon deyò nan
Sant Transpòtasyon Rejyon Sidwès la te resevwa
dezyèm plas. Li resevwa $500 ak yon plak.
Sipèentandan Lekòl yo Merrett R. Stierheim te
di " Mwen ap felisite Madan Carruth, ak Madan Willis ak
lòt moun yo te nomine yo," "Sistèm
lekòl la genyen anpil gratitid pou bonjan travay yo
ak dedikasyon yo.
Lòt moun ki te fè final la se: Joyce A, Wright
nan lekòl Charles R. Drew Middle, Harold L. Williams
nan Sant South Central Satellite, ak Fernando Castrillon nan
lekòl Glades Middle. Chak moun sa yo te resevwa $250
ak yon plak.
###
03-MV/065/TE
Retournen
sou Spanish & Creole Releases
|