|

PTA LEKÒL ELEMANTÈ AVOCADO KOLEKTE LAJAN
POU KOUVRI KOULWA YO
17 Desanm 2003
"(PTA)" Asosyasyon Paran Pwofesè nan lekòl
elemantè Avocado kolekte lajan pou kouvri de koulwa
yo. Li pran pliske twazan depi yo ap fè aktivite ak
tout vigè pou kolekte lajan yo genyen an. Koulwa yo
ap fè yon pon devan biwo a kote paran depoze e vin
chèche timoun yo e nan zòn bilding prensipal
la kote elèv monte e desann bis yo. Lekòl la
lokalize nan 16969 S.W. 294 St. Homestead.
"Nou trè kontan pou fon adisyonèl sa a pou
koulwa yo nou vrèman bezwen," Direktè Avocado,
Dr. Grace Nebb te di. "Nou toujou genyen yon aktivite PTA.
Sa pa t ap posib san èd Jill Glisson, ansyen trezorye
nou an."
Pou nou aksepte fon sa a ap depann de otorizasyon Manm
Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade.
Pou plis enfòmasyon, kontakte Dr. Nebb nan
305-247-4942.
###
03-MV/078/CF
Retournen
sou Spanish & Creole Releases
|