|

GOUVÈNÈ BUSH SIYEN LEJISLASYON ELÈV TE
ENSPIRE NAN HIALEAH MIDDLE SCHOOL
6 jen 2003
Maten an Gouvènè Jeb Bush siyen lejislasyon ki
va etabli pou pa genyen dwòg nan zòn park
(teren amizman) nan Hialeah Middle School. Se elèv
nan setyèm ane eskolè yo ki te pwopoze
Lejislasyon sa a nan lekòl yo.
House Bill 0057 e Bill Sena 1588 la amande Seksyon 893.13.,
F.S. e etabli pou pa genyen dwòg pre zòn park
yo. Elèv nan lekòl la pwopoze lwa ki
fè pati pwogram edikasyon sivik ki rele "We the
People..." "Project Citizen" "Nou se Pèp..."
Pwojè Sitwayen, ki vize wòl eta e
gouvènman eta a e lokal la Ozetazini. Se Sant
Edikasyon Sivil ki jere pwogram nan nasyonalman e Divizyon
Syans Sosyal jere li nan nivo distri a. Bill House la ak
Sena a genyen yon nonb ko-patwonè ki genyen ladan
Senatè Frederika Wilson e Reprezantatif Rene
Garcia.
"We the People..." Project Citizen anseye elèv yo pou
vin sitwayen aktif nan gide yo atravè senk etap
pwosesis ki pou ede yo idantifye e evalye pwoblèm
nan kominote a e plan aksyon yo pwopoze pou adrese yo...
Chak klas ki patisipe demontre travay li kòm yon
apèsi sou yon echontiyon katab. Yo voye apèsi
yo Tallahassee pou yon konpetisyon eta a, ak apèsi ki
genyen pou reprezante konpetisyon nasyonal Florida la.
Pwogram nan nan plis pase 20 distri lekòl. Nan ane
1996, 1999, 2001, 2002, e 2003 gayè eta yo soti nan
Lekòl Leta Miami-Dade County.
Pou plis enfòmasyon, kontakte John R. Doyle,
Direktè Administratif, Divizyon pou Syans Sosyal nan
305-995-1982.
###
03-MV/195/CF
Retournen
sou Spanish & Creole Releases
|