ANSYEN KONDISIP NAN LEKÒL NEW WORLD OF THE ARTS GAYE PRIM PRESTIJE POU PRIM AR


29 septanm 2003


Chat Travieso, ki fèk gradye nan lekòl New World School of the Arts, se gayè nasyonal pou youn nan konkou pi prestije nan ar Ozetazini, "Ki sa kilti Espayòl vle di pou mwen" kote se General Motors (GM) ak Latino Art Beat Organization ki te patwone konkou sa a. Yo ap onore li nan selebrasyon Mwa pou Eritaj Espayòl a 6:30 diswa, madi 30 septanm nan Mize Ar Kontanporè "Contemporary Art (MOCA)," 770 N.E. 125th St., North Miami.

Travieso ap resevwa yon bous ki vo $13,000 pou penti dlo li a, "Memorias de la Tia Alicia" (Memwa Tant Alicia) ki nan ekspozisyon etènasyonalman atravè tout reklam GM yo e ki kounye a plase nan do kouvèti magazin "Hispanic Business."

Pami siks Travieso genyen ladan Bous Fondasyon Ar 2002 Marie Walsh Sharpe, Prim Vizyon Amerika Rejyonal e Nasyonal nan Akademi Ar e Redaksyon, e Prim Kle Dò e Silvè pou twa zan. Pou kounye a li ale nan Enstiti Maryland Kolèj pou Ar nan Baltimore.

Li bay Thomas Wyroba ak James Hunter, pwofesè nan lekòl New World School of the Arts kredi kòm moun ki enfliyanse anpil nan devlopman li kòm yon atis ar vizyèl.

Latino Art Beat se yon òganizasyon ki pa la pou pwofi nan Chicago ki te kreye an 1998 ki sipòte elèv artist Latino yo nan lekòl segondè e ki òganize konpetisyon nan New York, Los Angeles, Miami, Houston ak Chicago pandan mwa eritaj Espayòl nan fè ekspozisyon e konsè ar.

Gayè dezyèm plas la soti nan Miami se Victor Alonzo Vazquez ki soti nan lekòl Design & Architecture High School, ki resevwa $1,500 pou penti li "Jugando con La Cultura." Ricardo Zapata nan lekòl New World School of the Arts, gaye $500 pou twazyèm pri pou travay ar li Reyinyon, "Reunion."

Pou plis enfòmasyon, kontakte Lilia Garcia, Divizyon Ladrès Lavi, nan 305-995-1912.

###

03-MV042/CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases