|

FWA KOLÈJ NASYONAL AP VINI MIAMI, FEVRIYE 16
10 fevriye 2003
Milyè elèv ak paran nan Sid Florid la ap
rankontre reprezantatif ki ap soti nan plis pase 150
kolèj ak inivèsite pou Fwa Nasyonal Miami 2003
a k ap kòmanse a midi pou 4è nan
aprèmidi, dimanch, 16 fevriye nan Radisson Mart Plaza
Hotel, 777 N. W. 72 Ave.
Elèv, paran ak lòt moun envite pou vin nan fwa
gratis la.
Evennman an pèmèt elèv ak lòt
moun pou rankontre ak reprezantan kolèj e jwenn
repons pou kesyon yo. Yo ap ofri tou, sesyon
enfòmasyon sou èd finans planifikasyon
kolèj e admisyon e demand pou egzamen.
Sant konsèy ak òdinatè ap
pèmèt elèv yo pou gen aksè
sondaj sou karyè ki kab enterese yo e
enfòmasyon sou preparasyon kolèj, admisyon pou
bous.
Se Asosyasyon Konsèy pou Admisyon Kolèj
Nasyonal (NACAC) e Lekòl Leta Miami-Dade k ap patwone
evennman an. Manm Komisyon Konsèy Lekòl Leta
Miami-Dade se ko-chèmann pou komite lokal Fwa
Kolèj Nasyonal la. Chak ane NACAC patwone fwa nan
prèske 40 vil atravè peyi a ki atire plis pase
400, 000 elèv ak paran yo.
Pou plis enfòmasyon, rele nimewo Fwa Kolèj la
ki se 305-995-1739 oubyen vizite www.dade.k12.fl.us.stservices/
or www.nacac.com.
###
03-MV/077/CF
Retournen
sou Spanish & Creole Releases
|