|

GAYÈ BOUS PRAL PATISIPE NAN SEREMONI SIYEN KONTRA,
8 OKTÒB
7 oktòb 2003
Seremoni pou siyen kontra a ap fèt nan de
Lekòl Leta Miami-Dade County, mèkredi 8
oktòb pou elèv nan lekòl segondè
(middle) ki gaye bous ki soti nan endistri "Cruise Industry
Charitable Foundation (CICF) ak Fondasyon "Florida Prepaid
College Foundation (FPCF)." Premye seremoni an ap
fèt a 9:30 dimaten nan Brownsville Middle, 4899 NW 24
Ave., Miami; dezyèm nan ap fèt a 2è nan
aprèmidi nan Citrus Grove Middle, 2153 NW 3 St.,
Miami.
An me 2002 a, CICF te bay FPCF yon don ki vo $100,000 ki te
koresponn dola pou dola ki vin fè yon total $200,000
vin disponib pou bay bous kolèj an plenntan pou
elèv ki kalifye ki nan dènye ane lekòl
segondè.
Li te fonde an 1989, fondasyon "Florida Prepaid College
Foundation" bay plis pase 15,000 frè lekòl, ak
bous frè lokal ki te yon total plis pase $52 milyon
pou elèv ekonomikman dezavantaje nan Florid.
Pou plis enfòmasyon, kontakte Patricia Lee, Divizyon
pou Elèv/Sèvis Karyè, nan
305-995-7334.
###
03-MV/049/CF
Retournen
sou Spanish & Creole Releases
|