SÈVIS METE ÈD DEVWA SOULAMEN NAN JIS KÈK CHIF


26 mas 2003


Ansyen yo ki panse li pat fasil lè yo te timoun genyen rezon. Gras a Dial-A-Teacher (Rele yon Pwofesè), jodi a, elèv Lekòl Leta Miami-Dade County jwenn nan sèvis èd pou devwa nan pwent dwèt yo.

Kit se atravè paj Entenèt nan www.dial-a-teacher.com oubyen pa telefòn nan 305-995-1600 ant 5:30 a 8:30 nan aswè, lendi jiska jedi, elvè ap jwenn yon pwofesè ki gen sètifika nan ansèyman k ap tann pou reponn kesyon sou devwa yo.

Depi 17 ane, Dial-A-Teacher ap ofri sèvis nan Lekòl Leta Miami-Dade County an kolaborayon ak United Teacher of Dade, (Sendika Pwofesè nan Dade). Pwofesè ki sètifye nan lekòl leta ofri èd nan pifò sijè.

Èd disponib ann Anglè, Espayòl, ak Kreyòl Ayisyen.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Carol Renick nan 305-995-1443.

###

03-MV/114/CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases