YO PRAL ONORE GAYÈ POU KONKOU REDAKSYON SOU ISTWA MOUN NWA


13 mas 2003


Sis elèv Lekòl Leta Miami-Dade County pral resevwa onè kòm gayè pou konkou redaksyon sou pou Istwa Moun Nwa a 6 è diswa jodi a nan Sant Konferans Sendika Pwofesè nan Dade (UTD), 2200 Biscayne Blvd. Elèv yo e lekòl yo se:

Divizyon Lekòl Segondè (High School)

1mye Plas (Bous $400) Claudia Dominguez, Felix Varela Senior High

2yèm Plas (Bous $250) Jabari Powell, Wm. H. Turner Technical Arts Senior High

3yèm Plas (Bous $100) Jessica McKally, Miami Carol City Senior High



Divizyon Lekòl Segondè (Middle)

1mye Plas (Bous $400) Maria Moll, Howard Doolin Middle

2yèm Plas (Bous $250) Rebeca Espinosa, G.W. Carver Middle

3yèm Plas (Bous $100) Leticia Zamora, Shenandoah Middle

Konkou a, yon tèt ansanm at M-DCPS divizyon pou Syans Sosyal e Lekti ak Redaksyon ak UTD, sipòte kourikouloum istwa Afriken Ameriken an ki te enplemante an 1994 pandan y ap enkòpore konsantrasyon sou lekti e redaksyon distri a. Yo te resevwa plis pase 100 elèv segondè ki te antre nan distri a.

Pou plis enfòmasyon, kontakte John Doyle, Direktè Administratif, Divizyon Syans Sosyal, nan 305-995-1982.

###

03-MV/109/CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases