REYINYON KOMINOTÈ FCAT NAN ORÈ POU 21 FEVRIYE
NOUVO ENFÒMASYON POU GRADYASYON E CHANJE KLAS


18 fevriye 2003


Yo pral diskite nouvo lwa eta a ki mande pou elèv nan twazyèm ane pase egzamen ki rele "Florida Comprehensive Assessment Test (FCAT) anvan yo ale nan katriyèm ane e yo mande pou tout elèv nan lekòl segondè (High School) pase FCAT la pou yo kab gen yon diplòm high school nan reyinyon kominotè 21 fevriye a.

Li gen pou kòmanse a 6:30 nan aprèmidi nan oditoryòm Miami Edison Middle School, 6101 N.W. 2 Ave., reyinyon an ap genyen Sipèentandan Lekòl yo Merrett R. Stierheim, Senatè Frederica S. Wilson, Komisyonè pou Edikasyon Jim Horne, anplwaye nan Depatman pou Edikasyon nan Florid, pou yon deba ant manm yo sou demand ak peryòd kesyon e repons sou FCAT la. Jounalis NBC 6 Ed O'Dell ap sèvi kòm mèt seremoni.

Manm prezantè yo ap genyen ladann Asosye Sipèentandan Mercedes Toural, Sipèentandan Rejyon an Willa Young ak Dr. Shirley Johnson ki soti nan Sendika Pwofesè Dade.

Stierheim di, paran dwe vini nan reyinyon enpòtan sa a. Yo bezwen konnen nouvo lwa eta a sou chanje elèv klas e gradyasyon &endash; ki gen pou wè ak pase egzamen FCAT la."

Tout elèv nan 3yèm a 10yèm ane pral pran egzamen FCAT la diran mwa fevriye e mas la. Pou plis enfòmasyon, kontakte Nereida I. Santa-Cruz, Asistan Sispèentandan, Kourikouloum Sipò e Pwogram Inovatif, nan 305-995-2367 oubyen Dr. Marjorie Figueira, Direktè Administratif, nan 305-995-2912.

###

03-MV/093/CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases