|

OPSYON AK OPÒTINITE POU DOUZYÈM ANE
ESKOLÈ
3 jiyè 2003
Elèv lekòl segondè (senior high
school) ki pat ka pase egzamen Florida Comprehensive
Assessment Test (FCAT) kounye a genyen opsyon pou jwenn
èd atravè Pwogram Edikasyon
Adilt/Vokasyonèl nan Lekòl Leta Miami-Dade
County. Elèv yo ap resevwa enstriksyon entansif ki
disponib atravè yon apwòch kous byen vit pou
amelyore opòtinite edikasyonèl alavni.
Preparasyon remedyasyon FCAT gratis disponib nan yon
anbyans salklas oubyen sou Entènèt nan
www.tecmiami.com/TLC. Resevwa yon "GED (General Educational
Development)" Devlopman Ekasyonèl Jeneral se yon
lòt opsyon pou elèv ki pa pase FCAT la.
Preparasyon GED disponib tou nan nenpòt nan 22 sant
edikasyon adilt/ vokasyonèl nan distri a. Yo ap
atann kèk 15,485 elèv pou enskri pou ete a nan
kou pou yo fini lekòl segondè (high school),
ki ap kòmanse 7 jiyè pou jiska 15 out.
Gran demand pou preparasyon teknik/vokasyonèl ap
disponib tou nan pwogram Agrisyans, Edikasyon Teknoloji
Biznis, Syans sou Konsomasyon Fanmi, Edikasyon Syans Sante e
Edikasyon Endistriyèl pou preparasyon elèv pou
antre nan pozisyon nan nivo debaz.
Pou plis enfòmasyon, kontakte Bobby McGahee,
Direktè, Biwo Teknoloji Aplike. nan
305-995-1854.
###
O3-MV/003/CF
Retournen
sou Spanish & Creole Releases
|