|

SIPÈENTANDAN STIERHEIM PRAL SIYEN YON AKÒ
AK OFISYÈL FRANSÈ YO
16 janvye 2003
Sipèentandan Merrett R. Stierheim ap siyen yon
Memorandòm pou Konpreyansyon (MOU) ak Ministè
Fransè pou Zafè Etranje a 4è nan
aprèmidi vandredi 17 janvye 2003 nan chanm 916 nan
Bilding Aministrasyon Komisyon Lekòl la, 1450 N.E.
Second Ave.
Akò orijinal la te siyen an 1989 e renouvle an 1991,
nan vizyon kreyasyon pou seksyon Fransè pou Pwogram
Etid Entènasyonal (IS). Depi lè yo plase li a,
Pwogram "IS" pwouve ke li se yon pwogram K-12 ki ekselan
akademikman (pou elèv jadendanfan jiska
douzyèm ane eskolè), ki ofri elèv yo
opòtinite pou yo vin afabetize nan de (2) lang e de
(2) kilti. Siyen MOU kounye a ap re-afime kolabarasyon
edikasyonèl istorik depi byen lontan ant Lekòl
Leta Miami-Dade County e Ministi Fransè pou
Zafè Etranje. Kounye a yo ofri pwogram nan nan Sunset
Elementary, George W. Carver Middle, e Coral Reef Senior
High Schools.
Konsil Jeneral pou Frans Cristophe Bouchard ap reprezante
Ministri Fransè lè yap siyen an.
Pou plis enfòmasyon, kontakte Mercedes Toural, Asosye
Sipèentandan pou Edikasyon, nan
305-995-1960.
###
03-MV/079/CF
Retournen sou
Spanish & Creole Releases
|