VETERINÈ YO TE ONORE PWOFESÈ AK ELÈV GOLDMAN SENIOR HIGH


14 me 2003


"Dade County Veterinary Foundation (DCVF)" Fondasyon Veterinè Dade County te rekonèt Espesyalis nan Teknoloji Enstriksyonèl Beverly Cameron ak reprezantatif elèv Leonel Sanchez nan lekòl Barbara Goleman Senior High nan seremoni repa midi pou bay prim semèn pase a.

Se Cameron ki dirijè lekòl "Apple Web Design Academy," Akademi pou Desine Paj Entenèt Apple, e elèv li yo ap redesine paj Entenèt DCVF la. Yo rekonèt efò yo kòm kontribisyon ekselan pou ede ogmante konesans e sèvis dekalite pou byennèt animal.

Elèv ki desine paj Entenèt nan Goleman sèvi lòt kliyan tou e espere pou yo genyen pwòp paj Entenèt pa yo an fonksyon anvan mi jen an.

Lekòl Leta Miami-Dade County genyen 12 Akademi pou Desine Paj Entenèt Apple ki ofri sèvis ki relate ak Entenèt bay ajans nan Miami-Dade County ki pa la pou pwofi e òganizasyon kominotè depi ane 2000. Pou plis enfòmasyon kontakte Cameron nan 305-363-0676, ekstansyon 2298 oubyen Rick Reece, Teknoloji Enstriksyonèl nan M-DCPS, nan 305-995-2884.

###

03-MV/131/CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases