KOMISYON KONSÈY LEKÒL YO ANDOSYE STRATEJI POU
MANJE KI BON POU LASANTE, AKTIVITE FIZIK


27 okòb 2003

Akoz nivo obesite kay jèn yo ki double nan dènye 20 ane yo e ak statistik ki soti nan Sant pou Kontwole Maladi e Prevansyon konekte twòp pwa kay timoun ak pwoblèm sante grav. Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade te vote dènye mèkredi ki sot pase a pou jwenn fason pou kreye yon anviwonman ansante nan lekòl yo.

Resamman rechèch ofri evidans konkrè ki montre koneksyon klè ant nitrisyon ak aprann. Mal nitrisyon agrave konduit elèv, pèfòmans lekòl, abilite pou konsantre e abilite pou pèfòme trakay konplike. Lòt etid montre nan ofri plis opòtinite pou aktivite fizik pwomote siksè kay elèv e ogmante nòt egzamen yo, espesyalman nan matematik.

"Pran swen kò timoun yo trèzenpòtan menmjan ak pran swen sèvo yo," Dr. Michael M. Krop, Chèmann pou Komisyon Konsèy la te di. "Nou genyen entansyon pou fè Lekòl Leta Miami-Dade yon lidè nasyonal nan ofri pi bon nitrisyon ak aktivite fizik."

Aksyon an rele pou sipèentandan an prezante yon rapò bay Komisyon Konsèy la an desanm nan ak plan pou sa ki suiv la a:

  • pran yon angajman pou nitrisyon ak aktivite fizik vin yon priyorite

  • sipòte edikasyon nitrisyon e edikasyon fizik

  • ofri yon anbyans plezan pou manje

  • asire yon varyete chwa manje ki bon pou lasante nan manje lekòl yo

  • siveye konpetisyon manje ki anvant e kontni ki nan machin ki vann manje yo, e

  • ankouraje yon apwòch kolaborativ ak kominote a.

Depatman manje ak Nitrisyon distri a resamman lanse yon pwogram pou eseye ak machin ki vann maje yo ki nan 17 lekòl nan Miami-Dade ki ofri opsyon repa midi ki bon pou lasante. Olye de soda, baton sirèt ak fridòdòy, machin sa yo te ranpli ak ji ki pa genyen sik, boutèy dlo, salad ak "chips" fritay ki kuit nan fou ak babay adisyonèl ki ba nan grès.

###

03-MV/054/CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases