DE EDIKATÈ NAN MIAMI-DADE FINI DEZYÈM EDISYON LIV YO
'MEMORIES OF THE NIGHT: STUDIES OF THE HOLOCAUST'


6 oktòb 2003

De edikatè nan Miami-Dade County, toude se manm "Governor's Task Force for Holocaust Education," fèk sot fini yon dezyèm edisyon pou liv "Memories of the Night: Studies of The Holocaust."

Otè yo se Dr. Miriam Klein Kassenoff, Edikatè Espesyalis pou Etid Holocaust nan Lekòl Leta Miami-Dade County, ak Dr. Anita Meyer Meinbach, pwofesè pou ane 2002 a nan distri a. Toude Dr. Kassenoff ak Dr. Meinbach se pwofesè demi tan nan Inivèsite pou Miami; Dr. Meinbach ki plase nan Southwood Middle, fèk pran yon gran konje pou li ale anseye la.

Premye moun ki rakonte istwa Holocaust la nan liv yo a genyen ladan Dr. Kassenoff, ki sove anba Holocaust la lè li te tou piti lè papa li te sove kite chan travay Hungarian e menen fanmi lan nan yon vwayaj ki te dire si-mwa atravè Ewòp pou te sove nan anba men Natsi yo.

Kòm edikasyon Holocaust se yon obligasyon nan plizyè lekòl leta atravè peyi a, "Memories of the Night: Studies of the Holocaust" la satisfè yon gran bezwen pou materyèl akademik, daprè Kate Liston nan Christopher-Gordon Publishers, Inc. Vèsyon entansif ajou a genyen ladan paj Entènèt, videyo e resous literè, pami yon nouvo seksyon pratik sou nouvo film ki parèt la "The Pianist," ke yo fè sou peryòd Holocaust nan Warsaw.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Dr. Kassenoff nan 305-995-1201, oubyen Kate Liston, nan 781-762-5577, eks.112.

###

03-MV/046/CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases