EKSPOZISYON, PÈFÒMANS KI MAKE JOUNEN POU SONJE "HOLOCAUST" NAN LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY

 

25 avril 2003

Yon seri obsèvans nan lekòl leta Miami-Dade County pral komemore Jounen pou Sonje "Holocaust."

Yon ekspozisyon piblik ki rele "Anne Frank: A History for Today" 'Yon Istwa pou Jodi a' ap ekspoze nan premye etaj Bilding Administrasyon Manm Komisyon Konsèy Lekòl, 1450 N.E. 2 Ave., ap kòmanse lendi, 28 avril pou rive jedi, 8 me. Se Rekiperatè pou Sant Anne Frank U.S.A. nan New York City, ki ap prezante, egzibisyon an ki pral pale de istwa Anne Frank la, yon istwa "Holocaust" atravè testemoni temwen kontanporè.

Epi tou kòmanse lendi 28 avril, pwogram teyat "Living Voices&endash;Anne Frank" nan pral prezante nan plis pase 30 lekòl. Pwogram nan tou ap prezante nan oditoryòm Bilding Administrasyon Komisyon Konsèy Lekòl la a 10:30 dimaten e a 1:30 nan apremidi madi 6 me.

Lòt evennman pou komemore Jounen pou Sonje "Holocaust" la ap genyen ladann yon lekti, "Women in the "Holocaust&endash;Portraits of Courage," (Fi nan Holocaust&endash;Pòtre e Kouraj) e yon seminè pou montre pwofesè nan klas etid sosyal yo nan distri a istwa "Holocaust" la.

Se Dtè. Miriam Klein Kassenoff, Espesyalis nan Edikayon pou Etid "Holocaust" nan Lekòl Leta Miami-Dade County k ap koòdine tout obsèvans yo. Dte. Kassenoff te sivi "Holocaust" kòm yon jèn timoun, lè papa li te sove kite yon kan travay nan Hungarian e mennen fanmi li nan vyoyaj ki trennen diran si mwa atravè Lewòp pou sove nan men Narsi yo.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Dtè. Kassenoff nan 305-995-1201.

###

03-MV/123/CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases