
SIPÈENTANDAN AN ANONSE LIV POU MWA MAS LA
3 jen 2003
Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Merrett R.
Stierheim anonse Liv pou Mwa jen an jodi a, an konjonksyon
ak kanpay ANNIK LI "JUST READ" k ap fè firè
nan ankouraje lekti.
Steirheim te di "Seleksyon nou pou mwa jen an se
materyèl lekti dekalite pou jèn ak fanmi yo
kab li diran ane a.""Li di siveye nouvo seleksyon lekti nou
gen pou anonse chak mwa pou kenbe elèv yo sou rit
lekti a."
Distri a ak espesyalis medya pou lekti rekòmande
seleksyon sa yo pou amelyore ladrès lekti nan
plizyè nivo. Seleksyon pou jen an se:
Primè
(Jadendanfan jiska 2yèm Ane)
|
Take Me Out
of the Bathtub and Other Silly Dilly Songs
by Alan Katz
|
Entèmedyè
(3yèm jiska 5yèm Ane
Eskolè)
|
My America:
A Poetry Atlas of the US by Lee Bennett
Hopkins
|
Lekòl
Segondè (Middle)
|
Heart to
Heart: New Poems Inspired by Twentieth Century Art
by Jan Greenberg
|
Lekòl
Segondè High/Adilt
|
Sailing
Alone Around the Room: New and Selected
Poems by Billy Collins
|
Seleksyon
Pou Plizyè Lang 6-8yèm
|
Oli Ole,
Oli Ole Powèm Pou Timoun by Locha
Nwèl (Kreyòl Ayisyen)
|
Liv pou Mwa, ak JUST READ fè pati plan
Konpreyansif pou Lekti Komisyon Konsèy Lekòl
la te mete sou pye nan ane 1998 pou asire tout timoun ka li
nan nivo klas yo lè yo rive nan 3yèm ane
eskolè. Amelyorasyon nan konpreyansyon lekti te
motive Komisyon Konsèy la pou agrandi plan an nan ane
2001 pou yon lòt twazan e pou amelyore li ak pwogram
vigoure nan entèvansyon lekti pou kèk
elèv nan lekòl segondè (middle and high
schools).
Nou kab wè Liv pou Mwa jen an, menmjan ak
konsèy sou lekti pou elèv ak paran, sou paj
entenèt nou an ki se [it.dadeschools.net/lms/bookofmonth.htm].
Pou plis enfòmasyon, rele Dr. Alicia G. Moreyra,
Direktè Administratif, Divizyon pou "Language
Arts/Reading" nan 305-995-1914; Christine Master,
Direktè Administratif, Divizyon pou Teknoloji
Enstrisyonèl e Sèvis Sipò Medya, nan
305-995-2283; oubyen Joanne Urrutia, Direktè,
Administratif, Divizyon pou Edikasyon Bileng e Lang Mondyal
nan 305-995-1945.
###
03-MV/J071/CF
Retournen
sou Spanish & Creole Releases
|