YO NONMEN YON EDIKATÈ M-DCPS PREZIDAN POU ASOSYASYON KOLÈJ AK LEKÒL "SOUTHERN" YO


26 fevriye 2003


Dr. George M. Koonce, Jr., Asosye Sipèentandan pou Fonksyon Lekòl nan Lekòl Leta Miami-Dade County, te resanman eli prezidan pou Asosyasyon pou Kolèj ak Lekòl "(SACS)" nan reyinyon anyèl nan San Antonio.|

Yon moun ki fèt Donalville, Georgia, Koonce pran yon bachelye e yon metriz nan etid Fransè, e yon metriz nan administrasyon edikasyonèl. Li pran doktora li nan edikasyon nan Inivèsite Miami.

Diran karyè pwofesyonèl li Koonce kontinye yon relasyon travay ak diferan inivèsite. Li sèvi kòm yon konsiltan pou Sant Desegregasyon Lekòl nan University of Miami e Nova Southeastern University.

Diran 35 ane karyè li nan Lekòl Leta Miami-Dade County, Koonce sèvi kòm direktè lekòl, direktè, direktè egzekitif, direktè distri e sipèentandan rejyon yo. Kounye a li se yon Asosye sipèentandan pou fonksyon lekòl.

SACS, kò akredisyon rejyonal nan sid la, ki evalye plis pase 13,000 institisyon edikasyonèl piblik e prive, depi kòmanse sou sant pre-matènèl jisrive nan nivo invèsitè. SACS, ki gen pòs jeneral li nan Decatur, Georgia, travay ak lekòl e kolèj nan 11 eta nan sid la, kòmanse sou Virginia rive Texas, epitou nan Latin America a lemod antye.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Biwo Dr. Koonce nan 305-995-1433.

###

03-MV/F098/CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases