PWOFESÈ SYANS NAN LEKÒL SEGONDÈ KROP GAYNE PRIM $25,000 EDIKATÈ NASYONAL "MILKEN"


15 oktòb 2003

Doktè David Buncher, chèmann nan Depatman syans nan lekòl 'Dr. Michaeal M. Krop Senior High School' te resevwa Prim $25,000 Edikatè Nasyonal "Milken" nan seremoni sipriz ki te fèt nan lekòl la jodi a. Sekretè pou Edikasyon nan Florid Jim Horne te envite espesyal nan lekòl la, ki lokalize nan 1410 County Line Road, Miami.

Yon veteran edikatè 22 ane nan Lekòl Leta Miami-Dade County, Buncher anseye Plasman Avan se nan Chimi ak fizik onè. Adisyonèlman, li se antrenè ekip "robotics" nan lekòl segondè Krop ki resevwa koup chanpyona eta a ane sa a.

Louise Muscarella, sou direktè syans ak matematik nan Krop te di, "li se yon bonjan pwofesè." "Li entegre teknoloji nan syans, pou kab toujou genyen eksperiman ki ap fèt nan klas li.

Daprè "Teacher magazine" (Magazin Pwofesè) li kopye "Oscars pou Teaching" (Prim "Oscars" nan Ansèyman), kote Prim Ekdikatè Nasyonal "Milken" nan te kreye an 1985 pou konpanse e kenbe pwofesè epitou atire pwofesyonèl ki nan etap byen wo pou vin nan lekòl peyi a. Ane sa a, 100 pwofesè atravè Amerika ap resevwa prim nan.

Pou plis enfòmasyon, vizite paj entènèt Fondasyon Fanmi Milken nan:
www.mff.org.

###

03-MV050/CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases