SIPÈENTANDAN AN ANONSE LIV POU MWA NOVANM NAN


28 oktòb 2003

Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Merrett R. Stierheim anonse Liv pou Mwa Novanm nan jodi a, an konjonksyon ak kanpay ANNIK LI "JUST READ" k ap fè firè nan ankouraje lekti.

Stierheim te di "Seleksyon nou pou mwa novanm nan se materyèl lekti dekalite pou jèn ak fanmi yo kab li diran ane a.""Li di siveye nouvo seleksyon lekti nou gen pou anonse chak mwa pou kenbe elèv yo sou rit lekti a."

Pwofesè distri a ak espesyalis medya pou lekti rekòmande seleksyon sa yo pou amelyore ladrès lekti nan plizyè nivo. Tèm lekti pou mwa novanm nan se divèsite, e seleksyon li se:

TÈM: DIVÈSITE

Primè (Jadendanfan jiska 2yèm Ane)

The Adventures of a Nose by Viviane Schwarz

Entèmedyè (3yèm jiska 5yèm Ane Eskolè)

Even a Little Something: Stories of Nong by Tom Glass

Lekòl Segondè (Middle)

The Storyteller's Beads by Jane Kurtz

Lekòl Segondè High/Adilt

Split Image: A Story in Poems by Mel Glenn

Seleksyon Pou Plizyè Lang (Espayòl)

Completamente diferente by Yanitzia James Canetti


Liv pou Mwa, ak JUST READ fè pati plan Konpreyansif pou Lekti Komisyon Konsèy Lekòl la te mete sou pye nan ane 1998 pou asire tout timoun ka li nan nivo klas yo lè yo rive nan 3yèm ane eskolè. Amelyorasyon nan konpreyansyon lekti te motive Komisyon Konsèy la pou agrandi plan an nan ane 2001 pou yon lòt twazan e pou amelyore li ak pwogram vigoure nan entèvansyon lekti pou kèk elèv nan lekòl segondè (middle and high schools).

Nou kab wè Liv pou Mwa Novanm nan, menmjan ak konsèy sou lekti pou elèv ak paran, sou paj Entenèt nou an ki se [
portal.dadeschools.net/library/Supslist.htm].

Pou plis enfòmasyon, rele Dtè.. Alicia G. Moreyra, Direktris Administratif, Divizyon pou "Language Arts/Reading" nan 305-995-1914; Christine Master, Direktris Administratif, Divizyon pou Teknoloji Enstriksyonèl e Sèvis Sipò Medya, nan 305-995-2283; oubyen Dtè.Joanne Urrutia, Direktris, Administratif, Divizyon pou Edikasyon Bileng e Lang Mondyal nan 305-995-1945.

###

03-MV/J009/CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases