KONFERANS PATISIPASYON PARAN 17 ME


25 avril 2003


Lekòl Leta Miami-Dade pral fè senkyèm Konferans Patisipasyon Paran Anyèl li nan Booker T. Washington Senior High School samdi 17 me kòmanse a 7:30 dimaten pou 1è nan aprèmidi. Lekòl la lokalize nan 1200 N.W. 6 Ave.

Orè pou atelye yo se:

  • FCAT ak Gradyasyon

  • Devlopman Sèvo

  • Rezolisyon Konfli ak Manajman Kolè

  • Siksè nan Lekti/Matematik/Syans

  • EESAC

  • Twazyèm Ane Eskolè ki ka Double Klas

  • Paran nan yon Sosyete Divès Kilti

  • Sesyon Pou Paran nan Title I

  • Resous Teknoloji

  • Plan Pwogresyon Elèv

  • Kòman ou Kab Ede Pitit ou Jwenn Siksè

  • Chwa pou Lekòl

  • Kòman ou Kab Defann Tout Elèv

  • Manaje Santiman Chagren

  • Sekirite Sou PwòpTeren ou (Lakay)

  • Edikasyon Adilt ak Kominotè

  • Sesyon an Espayòl e Kreyòl

  • Enpòtans pou fè Volontè

Nou ap ankouraje tout paran elèv nan M-DCPS pou patisipe. Yo planifye atelye nan plizyè lang pou pèmèt opòtinite pou tout paran patisipe. Sèvis gadri pou timoun ak sèvis tradiksyon ap disponib.

Dènye dat pou nou enskri pou atelye a se 5 me. Pou plis enfòmasyon, kontakte Dyona McLean-Fisher nan 305-995-1215, oubyen ale sou community@dadesschools.net epeze (klik) sou Parent Involvement Conference pou enskripsyon.

###

03-MV/125/CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases