M-DCPS OFRI SENDIKA UTD TWA POUSAN ALAWONBADÈ POU OGMANTASYON SALÈ


Plis pwofesè pral resevwa yon bonjan ogmantasyon anba pwopozisyon distri a

30 septanm 2003

Jodi a ekip negosyasyon travay nan Lekòl Leta Miami-Dade pwopoze sendika pwofesè "United Teacher of Dade (UTD)" yon ogmantasyon twa pousan pou salè pou tou segman yo ap negosye yo.

Merrett R. Stierheim, Sipèentandan M-DCPS la te di, "Nou dwe bay Komisyon Konsèy Lekòl la kredi dèske li ogmante rezèv pou negosye a ki te $37 milyon pou vin $45 milyon atravè adaptasyon bijè ane sa a. "Sa pèmèt nou prezante pwopozisyon la bay UTD."

Ogmantasyon twa pousan alawonbadè a ap benefisye tout anplwaye nan segman yo UTD ap negosye pou yo a, ki reprezante plis pase 21,000 pwofesè ak 6,000 anplwaye nan biwo e anplwaye kòm sipò nan lekòl.

Anba orè salè kounye la, yon ogmantasyon sou "step" etap pou di-mil pwofesè ki nan etap en jiska etap uit lan genyen t ap gen yon mwayèn $303. An kontras, yon ogmantasyon twa pousan atravè tout segman yo pou menm di-mil pwofesè a ap kreye yon mwayèn ogmantasyon $1,022. Anplisdesa, UTD mande pou yon ogmantasyon mil dola pou 3,564 pwofesè ki nan tèt flèch etap orè salè pou pwofesè yo (etap 22). Twa pousan ogmantasyon Distri a pwopoze a ap bay pou pwofesè sa yo $1,759.

Pwopozal twa pousan an se yon ajoutman sou $850 Komisyon Konsèy la te apwouve pou baz salè tout pwofesè.

Stierheim te di, "Depi premye jou an, bi distri a se pou trete tout anplwaye nan sistèm lekòl la egal-ego e jis kantilsaji ogmantayon salè." "Sa genyen dè tan de Vpi UTD t ap kreye yon anbyans ekspektasyon ki pat ka satisfè. Si distri a te apwouve bay de(2) etap ak lòt benefis UTD te mande yo, li t ap elimine tout $45 milyon yo rezève pou negosyasyon kolektif la e ki t ap efase ogmantasyon pou tout lòt anplwaye yo."

Stierheim te di, "Jan sa ye kouye la, 78 pousan tout pwofesè nou yo pral pi byen tonbe anba pwopozisyon distri a olyede yon ogmantasyon yon etap la." "Sa se yon bonjan òf. Nou espere lidè sendika a va revize objektif li ak manm li yo e ban nou rapò yo nan lòt sesyon negosyasyon an."

Kontakte Mayco Villafaña 305-995-4638

###

03-MV/044/CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases