|

BOUS KI RELE 'SCHOLARSHIP SATURDAY' EDE TIMOUN KI NAN
BEZWEN ALE NAN KOLÈJ
14 mas 2003
Tounwa samdi pou bous ki rele 'Scholarship Saturday
Bowling' gen orè pou yo jwe demen a 11:30 dimaten,
nan Cloverleaf Lanes nan Miami, evennman pou kòmanse
seri aktivite spòtif/kominotè ap fèt
nan samdi diran plizyè semèn pou benefisye
Pwogram Asistans Kolèj 'College Assistance Program,
Inc. (CAP).' Lòt evennman yo genyen
ladann:
Tounwa
Domino, 22 mas a 11è dimaten, Miami Senior High
School
Tounwa
Gòlf, 12 avril a 1è nan aprèmidi,
Country Club of Miami Golf Course
Mache/Kous
5K, 19 avril a 8è dimaten, Tamiami
Park
Yon tounwa"
softball "pou Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS)
anplwaye yo tou gen orè pou jwe 3 me.
Yo mande pou anrejistre pou tout evennman yo; frè pou
antre a va benefisye CAP. Pou aplikasyon, silvouplè
rele Dr. Jayne Greenberg, Direktè Ezekitif, Divizyon
"Life Skill" ak Pwojè Espesyal, nan
305-995-1963.
CAP te etabli pou ofri fon bous pou elèv ki ap gradye
Lekòl Leta Miami-Dade County ki pa ka peye tout
depans ki relate ak ale nan kolèj ak
inivèsite. Depi 1988, se elèv nan M-DCPS ak
anplwaye e kòperasyon ki patwone e sipòte CAP
a atravè aktivite kolekte fon nan evennman
kolektivman ki koni kòm Scholarship Saturday. Yo
deja kolekte plis pase $4.2 milyon rive sou dat jodi
a.
###
03-MV/108/CF
Retournen
sou Spanish & Creole Releases
|