|

OLYMPIAD SECME DISTRI A AP FÈT NAN LEKÒL
SEGONDÈ FELIX VARELA SENIOR
14 mas 2003
Divizyon pou Matematik e Syans nan Lekòl Leta
Miami-Dade County pral fè konpetisyon anyèl
enjenyè "SECME" samdi 15 mas a 8:30 dimaten pou 12:30
nan aprèmidi nan Felix Varela Senior School, 15255
S.W. 96 Street. Elèv nan plis pase 50 lekòl
segondè ap genyen yon chans pou antre nan konpetisyon
10 SECME (Science Engineering Communication Mathematics
Enhancement) evennman Olympiad Distri a.
Elèv yo pral teste pon "basswood" yo pou yon
strikti ki pi efikas; Yo ap enjenyè (Konstri)
kontenè yo pou yo kenbe kontni yo, yon zè kri
rete entak apre yo te plase li lan koki e yo lage yo pou
tonbe 50 pye yon wotè; yon machin ki senpleman
sèvi ak boustè resò ki nan trapsourit
yo pou rale atravè atè jimnazyòm nan; e
yo ap lanse yon boutèy dlo yo kòm yon
jèt-frize ak antisipasyon pou mentni yon
maksimòm tan pandye.
Bi "SECME" nan se pou ankouraje elèv yo,
espesyalman minorite yo pou pousuiv yon diplòm nan
enjenyè, matematik, syans, ak teknoloji. Elèv
ap fè eksperyans matematik, e syans nan manipile yo
ak men yo, bati e teste yon varyete pwojè jeni. Yo
tou ap satisfè antrene enjenyè e aprann
de-karyè yo pou ede yo konprann enpòtans
matematik ak syans genyen nan kominote an.
Pou enfòmasyon adisyonèl, kontakte Ava D.
Rosales, Espesyalis Edikasyonèl, Divizyon pou
Matematik e Syans, nan 305-995-4537.
###
03-MV/110/CF
Retournen
sou Spanish & Creole Releases
|