OLYMPIAD SECME DISTRI A AP FÈT NAN LEKÒL SEGONDÈ FELIX VARELA SENIOR


14 mas 2003


Divizyon pou Matematik e Syans nan Lekòl Leta Miami-Dade County pral fè konpetisyon anyèl enjenyè "SECME" samdi 15 mas a 8:30 dimaten pou 12:30 nan aprèmidi nan Felix Varela Senior School, 15255 S.W. 96 Street. Elèv nan plis pase 50 lekòl segondè ap genyen yon chans pou antre nan konpetisyon 10 SECME (Science Engineering Communication Mathematics Enhancement) evennman Olympiad Distri a.

Elèv yo pral teste pon "basswood" yo pou yon strikti ki pi efikas; Yo ap enjenyè (Konstri) kontenè yo pou yo kenbe kontni yo, yon zè kri rete entak apre yo te plase li lan koki e yo lage yo pou tonbe 50 pye yon wotè; yon machin ki senpleman sèvi ak boustè resò ki nan trapsourit yo pou rale atravè atè jimnazyòm nan; e yo ap lanse yon boutèy dlo yo kòm yon jèt-frize ak antisipasyon pou mentni yon maksimòm tan pandye.

Bi "SECME" nan se pou ankouraje elèv yo, espesyalman minorite yo pou pousuiv yon diplòm nan enjenyè, matematik, syans, ak teknoloji. Elèv ap fè eksperyans matematik, e syans nan manipile yo ak men yo, bati e teste yon varyete pwojè jeni. Yo tou ap satisfè antrene enjenyè e aprann de-karyè yo pou ede yo konprann enpòtans matematik ak syans genyen nan kominote an.

Pou enfòmasyon adisyonèl, kontakte Ava D. Rosales, Espesyalis Edikasyonèl, Divizyon pou Matematik e Syans, nan 305-995-4537.

###

03-MV/110/CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases