SIPÈENTANDAN AN ANONSE LIV POU MWA MAS LA


4 septanm 2003

Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Merrett R. Stierheim anonse Liv pou Mwa septanm nan jodi a, an konjonksyon ak kanpay ANNIK LI "JUST READ" k ap fè firè nan ankouraje lekti.

Steirheim te di "Seleksyon nou pou mwa septanm nan se materyèl lekti dekalite pou jèn ak fanmi yo kab li diran ane a.""Li di siveye nouvo seleksyon lekti nou gen pou anonse chak mwa pou kenbe elèv yo sou rit lekti a."

Distri a ak espesyalis medya pou lekti rekòmande seleksyon sa yo pou amelyore ladrès lekti nan plizyè nivo. Seleksyon pou out la se:

TÈM: PREZI

Primè (Jadendanfan jiska 2yèm Ane)

The Counting Race by Margaret McNamara

Entèmedyè (3yèm jiska 5yèm Ane Eskolè)

Puntuation Takes a Vacation by Robin Pulver

Lekòl Segondè (Middle)

Mind Games by Jeanne Marie Grunwell

Lekòl Segondè High/Adilt

Who Moved My Cheese for Teens by Spencer Johnson, M.D.

Seleksyon Pou Plizyè Lang (Haitian Creole)

Jennjan Kontan by Joslin Twouyo


Liv pou Mwa, ak JUST READ fè pati plan Konpreyansif pou Lekti Komisyon Konsèy Lekòl la te mete sou pye nan ane 1998 pou asire tout timoun ka li nan nivo klas yo lè yo rive nan 3yèm ane eskolè. Amelyorasyon nan konpreyansyon lekti te motive Komisyon Konsèy la pou agrandi plan an nan ane 2001 pou yon lòt twazan e pou amelyore li ak pwogram vigoure nan entèvansyon lekti pou kèk elèv nan lekòl segondè (middle and high schools).

Nou kab wè Liv pou Mwa septanm nan, menmjan ak konsèy sou lekti pou elèv ak paran, sou paj Entenèt nou an ki se [
portal.dadeschools.net/library/Supslist.htm].

Pou plis enfòmasyon, rele Dr. Alicia G. Moreyra, Direktè Administratif, Divizyon pou "Language Arts/Reading" nan 305-995-1914; Christine Master, Direktè Administratif, Divizyon pou Teknoloji Enstrisyonèl e Sèvis Sipò Medya, nan 305-995-2283; oubyen Joanne Urrutia, Direktè, Administratif, Divizyon pou Edikasyon Bileng e Lang Mondyal nan 305-995-1945.

###

03-MV/J073/CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases