DISTRI A OFRI BIWO PÒT PAWÒL


5 me 2003


Pou ede òmdafè ak gwoup sivik nan zòn nan pou ofri anplwaye yo ak manm yo enfòmasyon sou edikasyon piblik nan Miami-Dade County, distri lekòl la ofri yon Biwo Pòt Pawòl.

Lekòl Leta Miami-Dade County genyen ekspè nan plizyè domèn sou edikasyon ki disponib pou vin fè prezantasyon pou òganizasyon ou an sou yon varyete sisjè, ki genyen ladann patnè ant lekòl ak biznis, volontè, chwa edikasyonèl e resous fon. Prezantè yo disponib pou prezante enfòmasyon ann Anglè, Espayòl oubyen Kreyòl (Aiyisyen).

Ofisye Anchèf Kominikasyon Mayco Villafaña te di, "Diran ane lekòl la sitwaye yo bezwen enfòmasyon oubyen yo gen kesyon sou edikasyon piblik la." Biwò Pòt Pawòl nou an pran distribisyon enfòmasyon e mete li nan yon nivo pèsonèl ki pèmèt diskisyon e ankouraje kominote a pou pataje ide yo ban nou."

Pou mande pou yon prezantè, sitwayen yo kab rele 305-995-1126 oubyen vizite paj Entènèt Biwo Relasyon Piblik la ki se www.dadeschoolsnews.net.

###

03-MV128/CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases