|

YO ONORE MERRETT STIERHEIM AK PRIM SÈVIS PIBLIK
NASYONAL
17 mas 2003
Yo te onore Sipèentandan Lekòl yo Merrett R.
Stierheim ak "National Public Service Award," prim
Sèvis Piblik Nasyonal, nan Omni Shoreham Hotel nan
Washington, D.C.
Se komisyonè Miami-Dade County Katy Sorenson pou
Distri 8 ki nomine Stierheim. Nan nominasyon an, Sorenson
site kòman Stierheim gen 40 ane nan sèvis
piblik "li travèse tout segman divès kilti nan
kominote a e eta a." Li te fè referans sou pwen
fò Stierheim kòm yon moun ki " genyen yon bon
sans de sa ki bon oubyen sa ki pa bon, li genyen yon
konpas moral byen devlope ki fè li espesyal e vital
pou de milyon e plis rezidan ki genyen ladan 366,000 timoun
nan lekòl leta yo."
Pou prezan Stierheim sèvi kòm
Sipèentandan Lekòl Leta Miami-Dade County,
katriyèm pi gwo distri lekòl. Li te
sèvi kòm asistan Manajè City a pou
Miami, Manajè City a pou Clearwater, FL,
Administratè pou Pinellas County, Manajè
Miami-Dade County, e CEO pou Greater Miami Konvansyon e
Biwò Vizitè.
Se Sosyete Ameriken pou Administrasyon Piblik ansanm ak
Akademi Nasyonal pou Administrasyon Piblik ki prezante
"National Public ServiceAward," Prim Sèvis Piblik
Nasyonal pou bay pi gwo vizibilite nan rekonèt
pratikan ki ekselan ki pase pi fò karyè yo nan
sèvis piblik. Yo ap ofri prim sa yo depi an 1983 pou
pi rekonèt e sipòte endividi ki fè yon
diferans nan administrasyon pou yon gran peryòd
detan.
###
03-MV/111/CF
Retournen
sou Spanish & Creole Releases
|