DÈNYE SEMÈN REYINYON POU PLANIFYE STRATEJI NAN LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY


29 septanm 2003

Lekòl Leta Miami-Dade County ap kòmanse dènye semèn reyinyon pou planifye strateji, ak kat lòt reyinyon ki gen pou fèt nan lekòl nan katye yo, ki idantifye anba. Chak reyinyon yo ap fèt ant 7è jiska 9è diswa.

Lendi 29 septanm      Miami Edison Senior High School
6161 N.W. 5 Court, Miami
(Reyinyon an ap fèt an Kreyòl)

Madi 30 septanm      Miami Northwestern Senior High School
1100 N.W. 71 Street, Miami

Mèkredi 1ye oktòb     Miami Senior High School
2450 S.W. 1 Street, Miami
(Reyinyon an ap fèt an Espayòl)

Jedi 2 oktòb              Hialeah Senior High School
251 E. 47 Street, Hialeah
(Reyinyon ap fèt an Espayòl)

Yon total 13 reyinyon pou planifye estrateji ap fèt diran mwa septanm ak oktòb la pou bay sitwayen yo opòtinite pou pataje enfòmasyon sou direksyon distri lekòl la. Enfòmasyon yo ranmase nan reyinyon yo ap sèvi pou jwenn bi ak objektif distri a pou asire yo kontinye amelyore nan tout domèn yo - nan lekòl, sèvis sipò ak fonksyon biznis.

Sitwayen ki pa ka vini kab pataje enfòmasyon sa yo nan reponn yon kesyonè sou paj Entènèt nan http://opi.dadesschools.net/community.htm.

Enfòmasyon konplè sou reyinyon kominotè yo disponib sou paj Entènèt distri a ki se www.dadeschools.net.

###

03-MV/039/CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases