YO NONMEN YON GRADYE NAN HIALEAH HIGH KÒM GAYÈ POU PRIM 'ALL AMERICAN SUCCESS STORIES'


7 fevriye 2003


Yo pral rekonèt José Garcia, ki te gradye an 1980 nan Lekòl Segondè Hialeah Senior nan pwogram Elektwonik Endistriyèl, nan Tallahassee mèkredi 12 fevriye ak prim "Florida's All American Success Stories," Istwa Siksè Tout Ameriken nan Florid la. Pati prim sa a gen ladann $10,000 pou pwogram Elektwonik Endistriyèl nan Hialeah High.

Inisyative "Istwa Siksè" a rekonèt Floridyen ki te patisipe nan pwogram adilt oubyen pwogram edikasyon teknik e ki jwenn siksè nan karyè yo chwazi. Jodi a, Garcia se direktè Enjenyè pou Fonksyon Bwòdkastè pou WFOR- chanèl 4, ki pi gwo pozisyon teknik pou sistèm ki afilye ak CBS.

9 a 15 fevriye se Semèn Edikasyon Karyè e Teknik nan Florid e Lekòl Leta Miami-Dade School demontre yo se lidè nan pwogram adilt/vokasyonèl ak pwogram edikasyon karyè nan sèvi apeprè 149,088 elèv apre lekòl segondè e edikasyon adilt anyèlman. Edikasyon karyè ak edikasyon teknik se fondasyon preparasyon pou rezidan nan Florid pou siksè akademik e siksè travay. Li ofri opòtinite pou pwòp responsablite e pou resevwa pwomosyon karyè pandan yo ap pwomote abilite pou li e ekri, avansman akademik e preparasyon travay atravè patnè travay.

Pou enfòmasyon adisyonèl, kontakte, David B. Schleiden, Sipèvizè Edikasyon Endistriyèl, nan 305-995-1874, oubyen Robert Gornto, Direktè Distri a, Applied Technology, nan 305-955-1804.

###

02-MV090/CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases