|

ELÈV PRAL EGZÈSE SEKIRITE TRAFIK, 30
JAN.
29 janvye 2003
Elèv nan Lekòl Elemantè Charles R. Drew
pral egzèse e demontre nouvo ladrès pou
travèse lari yo aprann a 10:30 dimate jedi 30 janvye,
ki fè pati Mache Ansekirite, yon pwogram "Ryder
Trauma Center" Depatman Transpòtasyon Florid
patwone. Lekòl la lokalize nan 1775 N.W. 60 St.,
Miami.
Apwoksimativman 500 timoun nan Miami-Dade County se viktim
aksidan pyeton chak ane. Pwogram Mache Ansekirite a
fèt pou diminye nonb timoun machin fwape e amelyore
nivo edikasyon chak timoun sou sekirite trafik. Pwogram nan
genyen ladan gade videyo sou sekirite, edikasyon sou
sekirite nan salklas la e egzèsis deyò sou
kòman pou travèse lari an sekirite.
Elèv nan 16 lekòl elemantè nan
zòn liberty City a pral patisipe nan program
nan.
###
02-MV/J86/CF
Retournen
sou Spanish & Creole Releases
|