### 02-MV/014/CF

MILYE ELÈV NAN MIAMI-DADE AP METE ANSANM POU
KOMEMORE "9/11"
6 septanm 2002
Tout Kominote yo ap pran yon moman silans e yon koral
410,000 vwa ap chante "God Bless America" ki ap pwen
fò sistèm lekòl Miami-Dade la
lòt mèkredi nan komemorasyon atak teworis 11
septanm ane dènye an.
Pwen santral evenman an ap yon seremoni k ap fèt a
11è dimaten deyò biwo santral sistèm
lekòl la, 1450 N.E. 2 Ave. Seremoni an ap
transmèt vivan sou sekui televizyon ki limite pou
salklas atravè County an, pou pèmèt
elèv ak anplwaye nan lekòl yo patisipe.
Yo ap atann kèk 1,000 elèv, anplwaye e
lidè nan kominote a pou prezan nan seremoni
deyò a, nan Nòdès 15yèm Ri ant
Premye ak Dezyèm Avni an.
Evenman an ap vize yon tribi pou viktim atak yo; lapolis nan
zòn nan, travayè ponpye e volontè ki te
ede nan chèche e efò pou pote sekou a; e
ansyen elèv nan Miami-Dade ki te konbat gè
kont teworis nan militè Ozeta Zini.