PWOJÈ KONSTRIKSYON LEKÒL ADA MERRITT MIDDLE AP KÒMANSE 25 ME


24 me 2002


Yon tranzisyon nan istwa edikasyonèl Miami ap fèt samdi 25 me, pandan yo ap retire strikti Ada Merritt Middle School pou kòmanse fè plas pou yon rekonstriksyon istorik pou bilding orijinal la.

Malgre efò distri lekòl la ki konsakre plis pase 10 zan pou konsève strikti ki la depi 1923 a, Enjenyè strikti pou dosye ak manajè pwojè yo plase pou rekonstriksyon an rekòmande pou ranplase bilding nan.

Pami pwoblèm bilding nan genyen se eleman strikirèl an fè yo te sèvi pou poto sipò ak bim yo ke yo jwenn ki pa satisfè règleman yo. Kounye la kondisyon bilding nan fèb, ki evidan nan premye efò pou repare li a, e sitiyasyon an vin pi konplèks pou sezon siklòn k ap apwoche a. Yo te ranfòse bilding nan ak sipò, men li kontinye ap panche, ki pou lakòz menas sekirite. Plis pase $1.5 milyon depanse nan atanta pou konsève strikti istorik la, ki genyen ladan yon nouvo do kay nan ane 2000 la.

10 avril la, anplwaye distri lekòl la te rankontre nan lekòl Riverside Elementary ak reprezantatif nan plizyè gwoup prezèvasyon istorik lokal ak aktivis nan kominote a pou revize kondisyon egzistans bilding nan. Yo vizite andwa Ada Merritt la, e yo pwente defo nan strikti a. Nan kòmansman semèn sa a, Komisyon Prezèvasyon Istorik ak Anviwonman te vote 5 a 1 pou rekòmande demoli strikti kounye la.

Yon rekonstriksyon istorik pou strikti a anvan ap ranplase stikti kounye la pou yon pri ki estime a $1.9 milyon anplis frè kondisyon jeneral e ki kondisyonèl, ki mwenske renovasyon ki estime pou $5 milyon. Pwojè bilding nan pou fini nan kòmansman ane eskolè 2003, k ap depann sou yon frè e lè ki efikas pou rezoud pwoblèm nan.

###

02-MV/296/CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases